Chrétien et Citoyen accompli

Chrétien et Citoyen accompli Cette page vise à aider les gens à pratiquer l'Évangile, à devenir de meilleurs citoyens, des Ho

24/09/2024

Ayè ki te 23 septanm 2024 lan se te yon gwo chòk pou mwen lè mwen te aprann ke Evèk Christian Maisonneuve te devanse nou. Mwen pa ka rete endiferan devan yon tèl evennman.
Evèk Christian Maisonneuve se Pastè fondatè Misyon Chapelle Évangélique Lumière ki gen Santral li Nan kafou pi presizeman Nan riyèl Midway.
Pastè Christian, par le biais de ministè make lavi yon pakèt Moun e lavi pa m an patikilye.
Se te yon aple, yon Homme de Dieu, pa gen pèsonn ki gen dout sou sa.
Nou te beni nan onksyon an men tou nou te beni Nan moun lan tou. Se te yon papa pou nou tout ki te renmen nou, toujou am beni nou, toujou ap priye pou nou.
Pastè Christian tou se te yon modèl, yon gran vizyonè ki dakò pou kite Bondye mennen l.
Mwen salye e swete kouraj ak tout bann pitit li yo Nan lafwa, an patikilye pitit natirèl sitou sila yo ki te nan ministè avè l, nou vle pale de pastè Billy ak Pastè Jimmy Maisonneuve. Nou vle di kouraj tou ak lòt Pastè ki te toujou epole l Nan ministè li tankou:
Pastè Bernard Jean Louis, Pastè Jean Ronald Lacossière, Pastè Maxen Louis, Pastè Nostrick Augustave, Pastè Ronald Fils, Pastè Samuel Germain, Pastè Samuel Jean.
Nou swete kouraj ak tout pitit Chapelle ki gaye Nan tout mond lan.
Se pou Bondye beni nou tout.
Pastè Christian se te yon moniman, yon lejand, yon sèvitè Bondye. Depa li ap kite yon gwo vid pa sèlman anndan Misyon Chapelle Évangélique Lumiére men egalman Nan Secteur évangélique ayisyen an.
L’Éternel a donné, l’Éternel a ôté. Que le NOM de l’Éternel soit à jamais béni!

11/02/2020

Nou lèd anpilllll men en attendant nou la toujou, tankou Pè Toma, nap siiivvv, nap tann, *pwobableman nap tann tou pa nou*. Pèp Ayisyen reziyen yo ak tout bagay, kòm rezilta jodi a m pa kwè gen yon kote ki pi mal pase nou, m pa kwè gen yon pèp sou latè ki pi mechan ak frè l, ak sèl ke nou menm Ayisyen, enfin (la plupart).
Toutefois, mwen rete convaincu ke gen plis bon moun nan peyi an ke malonnèt, *men tout moun pè*. *Si tout moun pè nou tout ap mouri*, an ti fe, men nap mouri kanmèm. Sa tris, jan moun tout kategori ap mouri nan peyi an epi peyi a ap viv kòm si se te normal.
Jèn nan mèt fin prepare, paran l fin fè tout sòt de sakrifis pou li epi li pa gentan reyalize plis bagay ke fini ak yon bal nan tèt li. Si nou fè tout jefò sa yo poun fini ak yon bal nan tèt nou, paske peyi sa montre ke se pa moun ki al lekòl ki enpòtan alòs pou kisa tout jefò sa yo. modèl peyi nou genyen an se moun ki se *militan* nan sans pejoratif tèm lan, à la limite, ki gen gwo aptitude nan kenbe zam, fè presyon sou moun, fè krim, bloke wout e la triye ki enpòtan pou mòd sistèm sosyo politik nou gen la.
Jan bagay lan ye la pa gen benyen kache lonbrik ankò. Se pou chak blòk, chak zòn òganize yo kou yo konnen, ak sa yo jwenn pou defann tèt yo ak lòt moun.
Mezanmi lè yo fè kidnapping nan yon zòn, konbyen moun ki fè l e konbyen moun ki atè an? pou ki pa gen yon *selil* ki mete kanpe nan chak zòn pou anvayi moun kap fè vye zak sa yo e trase egzanp. Mwen konnen wi nèg isit pap mobilize moun pou bagay sa yo, men si se te pou y al kriye viv, kriye aba nou tap cho devan bann lan ap pale sou tout radyo.
Ayisyen! Lontan n te konn fè brigad vijilans. Se vre jodi an se yon lòt kontèks men fòk nou òganize nou yon jan, yon lòt jan pou n ka kenbe yon pi gwo nivo vijilans e pou, avèk ou san leta a, *le ou la fason* nou fini avèk tout pil pwoblèm sa yo ki fè nou pa ka viv nan peyi ak kè poze.
*Ayisyen an avan, nou konn fè l deja e, avèk Bondye, nap refè l ankò*. *Ann òganize pwòp sekirite pa nou pou nou tout ka viv pi alèz nan peyi nou menm jan ak tout lòt pèp yo*

06/02/2020

Aimez et dites moi ce que vous pensez en commentaires

06/02/2020

Garder le "silence" n'est pas toujours faire preuve de "sagesse"

Dans la Bible, il est écrit que "l'insensé même quand il fait silence passe pour être sage", Proverbes 17:28. Il est un fait indéniable qu'il est parfois plus sage de se taire. Toutefois, garder le silence n'est pas toujours faire preuve de sagesse, parce que parfois le silence peut être complice et même synonyme de mépris à l'endroit de l'autre.
Prenons le cas des couples mariés ou pas, il arrive parfois que l'un des conjoints décide, lors d'une discussion, de garder le silence pour éviter, soi-disant, que les choses se dégénèrent. Dans ces cas là, l'expérience montre que ce n'est pas la meilleure méthode pour gérer les éventuels conflits dans le couple. Il est plutôt préférable d'aborder les problèmes avec sérénité en gardant un esprit positif et calme.
Quand quelqu'un essaie d'éviter une dispute lors d'une discussion en gardant le silence, l'autre l'interprète souvent fort mal, comme un manque d'intérêt pour sa personne et fini souvent par Peter les plombs.
Ainsi, vous voyez, chers amis, le « silence » n'est pas toujours « d'or » selon le contexte dans lequel on se place. Il n'y pas de formule toute faite et souvent ça ne sert vraiment à rien d'essayer de fuir une réalité, il est souvent bien mieux d'y faire face avec sagesse. On n'est pas toujours sage quand on fait silence et qu'on refuse de discuter avec l'autre. Quand s'est pour jeter de l'eau sur le feu c'est bien.
Si la discussion s'enflamme il est toujours mieux de faire comprendre à l'autre qu'il serait mieux de reprendre la discussion plus t**d quand les esprits se seront calmés, mais choisir d'ignorer l'autre en gardant le silence ne fera, dans la majorité des cas, que d'irriter l'autre et envenimer la situation.

05/02/2020

Bienvenue sur la Page Chrétien et Citoyen Accompli. La diffusion de contenus c'est pour bientôt. Ke Bondye beni w!

Adresse

95, Rue Centre Chrétien, Flon
Port Leogane
HT6210

Téléphone

+50934554321

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Chrétien et Citoyen accompli publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Lieu De Culte

Envoyer un message à Chrétien et Citoyen accompli:

Partager