Les amis de la chapelle de Notre Dame De Fatima

Les amis de la chapelle de Notre Dame De Fatima Notre Dame de Fatima est une chapelle de la paroisse Notre Dame du Rosaire de la ville de Port-à-Piment du Sud d´Haiti qui se trouve dans la localité SÈCHE.

Chapelle Notre Dame De Fatima - Port-à-Piment (Sèche)

Kominote nou an pèdi yon n nan moun ki te pi enpòtan nan tout aktivite zòn nan. Nap envite tout zòn nan al rann dènye om...
15/01/2026

Kominote nou an pèdi yon n nan moun ki te pi enpòtan nan tout aktivite zòn nan. Nap envite tout zòn nan al rann dènye omaj ak gran gason sa, direktè chapèl nou an nou tout konnen sou non .
Nap raple w se te yon èks seminaris, li te renmen legliz anpil, li te patisipe nan anpil misyon legliz la. Li te retounen lakay li al sèvi zòn li. Li kontribiye nan fòmasyon anpil jèn kòm katechèz pou kominyon ak konfimasyon; li te gen don pou l anime (dirije) nan selebrasyon yo. Anfen, se te yon poto mitan pou zòn nan.
Dènye travay li te kòmanse fè, se te pwojè pou rekonstriksyon la. Malerezman, li pa gentan viv rekonstriksyon an.
Nap pwofite pou n di ak tout fanmi , sitou ak nyès li ki mè, sè Fabienne Blaise Fabienne Blaise.

Se pou nanm li repoze an pè!

Bravo ak tout moun ki te kontribiye e ki kontinye ap kontribiye pou n retire chapèl la nan sitiyasyon kritik li ye a. Na...
17/11/2025

Bravo ak tout moun ki te kontribiye e ki kontinye ap kontribiye pou n retire chapèl la nan sitiyasyon kritik li ye a. Nap mande w kontinye kontribiye paske travay la anpil. Nou pa asepte resevwa lajan nan men. Tout donasyon dwe ale sou kont chapèl la. Nou bezwen: siman, fè, tòl, seramik, klou, penti, planch, ban, elatriye. Pibliye mesaj la pou l rive jwenn anpil lòt moun.
Nou gen pou n fè plis toujou!
An n ankouraje travay la!
Pierrot Charles Jean Frantz ThelusmaWesner ValèsHilaire AntoineEddy ChralesDonald ArisWilkens LarochelleGilbert DabadyMaxene DorceanMarieguertude GarçonJunior Cheremond Dachana Charles

31/10/2025

Tande mesaj direktè chapèl la!
An n pote kole pou n rekonstwi chapèl la kòm inik kote espirityél ak touristik zòn nan.
Nou bezwen siman, fè, planch, penti, tòl, klou, mozayik, elatriye.

31/10/2025

Travay yo deja kòmanse nan la. Men manke mwayen ekonomik pou n kontinye. Malgre gwo jefò abitan nan zòn nan fè ak kontribisyon yo, mwayen yo fèb pou n ta rive lwen ak travay sila a.
Nap raple w, chapèl la se inik lye espirityèl ak patrimwán nou genyen nan zòn nan. Tanpri, an n mete plis men ansanm pou n rekonstwi l. Tanpri fè mesaj la pase pou l ka rive jweenn sila yo ki gen bon kè ki vle kontribiye. Nou pa resevwa ak ni asepte pran lajan nan men okenn moun. Tout kontribisyon dwe ale sou kont chapèl la.
Tout zòn nan te resevwa anvlòp pou yo te kontribiye. Nou te rive ak anviron 21 mil dola ayisyen. Bèl jès. Pou jan chapèl la ye a, menm 1% travay li pap ka reyalize. Nou felisite tout moun sa yo pou jès yo. Sa se yon gwo siyal ke nou ka fè plis toujou.
Ou menm ki lòtbò dlo, pa neglije ede n retabli chapèl la.
Pou tout enfòmasyon, nou kapab pale ak oubyen oubyen kite yon mesaj pou nou.
Wap jwenn nimewo kont yo anba a nan kòmantè!
Lè chapèl la fini, nou gen pou n konstwi yon kap yon lye de pelerinaj, kap rete yon senbòl pou tout zòn nan. An n ankouraje ede.
Nou bezwen siman, fè, tòl (modèl tòl la deja sou paj la), planch, klou, penti elatriye...
TANPRI, FÈ MESAJ LA PASE SOU TOUT REZO YO POU L KA RIVE PI LWEN!

Pierrot Charles

Jean Frantz Thelusma
Wesner Valès
Hilaire Antoine
Donald Aris
Eddy Chrales
Wilkens Larochelle
elatriye!

11/10/2025

Nou mete men nan reyabilitasyon chapèl kominote .
Rektifikasyon: Legliz Jezi Kris la yon lye de priyè kote tout kretyen yo reyini pou selebre lafwa yo. Sa ka rive responsab yo bay itilize lakou a, sitou lè gen vòt.
Pierrot Charles
Jean Frantz Thelusma
Gilbert Dabady
Wesner Valès
Hilaire Antoine
Eddy Chrales
Donald Aris
Maxene Dorcean
Wilkens Larochelle
Wilkens Larochelle

21/09/2025

Les amis de la chapelle de Notre Dame De Fatima
Ede nou jwenn sa yo pou yon lòt pou rekonstriksyon chapèl la. Prim yo se: yon Radio, yon pano sòley, yon gwo anpoul rechajab yo ak yon Vantilatè rechajab.
Ede n pataje mesaj sa yo tanpri! Pierrot Charles
Eddy Chrales
Wesner Valès Hilaire Antoine Jean Frantz ThelusmaMaxene Dorcean Marieguertude Garçon Donald Aris Junior Cheremond Gilbert Dabady

21/09/2025

Les amis de la chapelle de Notre Dame De Fatima salye nou tout.
Nap raple nou ke moun zòn chapèl la kòmanse fè jefò nan anvlòp ki te distribiye. Pifò moun te kontribiye jan yo kapab. Se yon bèl jès.
Nou vle kontinye mande nou tout pou n kontinye kolabore pou n kapab mete men nan la. Nap òganize yon lòt , si ta gen moun ki vle fè kado yo, nou tap kontan. Prim yo se:
Radio, pano sòley, gwo anpoul rechajab yo ak yon Vantilatè rechajab.
Si w ta enterese bay yon n nan bagay sa yo, nap tann kontak ou. Si w ta vle bay kontribisyon lòt fason wap jwenn nimewo kont chapèl la anba pòs la.

Adresse

Port-À-Piment

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Les amis de la chapelle de Notre Dame De Fatima publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager