29/10/2021
Lizay !
Tankou tout fanatik Nwèl lakay/MEJ (Mouvman Ekaristik Jèn yo) konnen l, depi 4 lane kad yo te vini ak yon aktivite kiltirèl nan okazyon fen ane yo yon fason pou m mete anbyans nan kominote a.
Aktivite sa ki se prensipalman yon konkou chante tanmen ankouraje/chèche talan lakay jèn sou rejyon an pandan nap mete koulè nan fèt fen ane yo.
Malgre jan sitiyasyon an kapab parèt difisil, malgre jan bagay yo parèt sonb nan peyi a nou panse nou pa dwe kite tout bagay pèdi.
« Les loisirs sont parfois nécessaires même en temps de guerre ».
Nan sans sa vle rete fidèl ak randevou li yo pou fen ane sa yon lòt fwa.
Tankou nou kapab remake li, enskripsyon yo ofisyèlman lanse, yap bout 30 Novanm. Pou w enkri ou kapab kontakte nenpòt sila nan staff la Mawouj, ou ka ekri nan inbox nou tou nap la pou sèvi ou.
Nap pwofite tou pou lanse ribrik pou fanatik nou yo, kote wap f on ti videyo ki pap depase 2 minit pou fè pwomosyon pou aktivite a. Sila ki gen videyo ki plis popilè sou paj nou an ap gen yon anvlòp ak lòt kado. (Suiv nou pou rès entwiksyon yo)
Nou pa ka fini san pa voye yon gwo kout chapo pou tout sila ki toujou sipòte nou yon fason oubyen yon lòt. San nou menm aktivite a gen dwa pat genyen tout anplè li konn genyen yo depi 4 lane. Mèsi paske wap kontinye ban nou kout men.
Nwèl lakay se ekspresyon:
Se pi gwo, pi bèl aktivite kiltirèl sou rejyon ba Nòdwès la pou fèt fen ane yo.
Suiv Paj Facebook MEJ la pou evolisyon yo.