MVH TV Media

MVH TV Media Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de MVH TV Media, Pignon.

17/08/2026
09/07/2026

Pito te fè silans nan dosye Pitit li a.
Se jis yon konsèy

Refleksyon  sou dosye Pitit pastè Job laM pran tan pou m li anpil pòs epi kòmantè, m tire konklizyon Ayiti po ko ka chan...
07/07/2026

Refleksyon sou dosye Pitit pastè Job la

M pran tan pou m li anpil pòs epi kòmantè, m tire konklizyon Ayiti po ko ka chanje paske dimansyon sousou ak blofè Ayisyen depase limit. Anndan legliz ki ta dwe yon referans, sa gaye nèt. Kòman w santi w ki t ap joure moun pou Pastè a aprè soti l fè a? Pito l te fè silans wi. Pastè a tèlman vle montre awogans li, fè wont sèvi kòlè, li vle imilye yon dam li di ki se premye moun ki voye videyo a pou li, dam sa a gen 6 pitit pou 6 papa jiskaske yon dènye ranmase l. Ki rapò? Bagay yo tèlman melanje nan men pas li rale istwa Pyè, li rakonte l tèt anba, toujou ki rapò?

Pa gen pèsonn papa ou fanmi ki t ap janm pran plezi nan avili pitit fi lòt moun, men awogans lan rive twò lwen, blòf la gen limit. Piga nou melanje anyen, yon jenn fi pitit pastè, adoratris, responsab Jenès legliz la gen yon jan pou l ye, se klè. Si w pa kretyen sa p ap di w anyen, se sispann pou n sispann blofe moun !

M ap chache yon videyo pa lontan la a menm Pastè sa a t ap imilye yon sè ki te tonbe nan dezòd. Anpil moun ap fè sanblan yo pa konprann jis pou yo ka defann Pastè yo. M t ap renmen nou di m si se te pitit yon fidèl legliz la si se konsa Pastè t ap pale… Gen moman w rive silans pi bon oubyen ou dwe reflechi anpil anvan w pale. Lè w di w se kretyen se yon vi sakrifis, anplis ou se Lidè Jenès legliz la, pitit Pastè tout lòt jenn ap suiv tras ou paske w deklare ou vle bay bon egzanp pou pa deranje ministè papa w.

Konprann sa byen, pèsonn pa ka di w pa plimen, ou anfòm ou ka anvi sa men pa pran levanjil pou dra pou n kache peche aprè sa nou se pi gwo moralis espirityèl. Èske kounye a papa w ak ou kapab ap preche ti jenn yo chak jou sou pa fè bagay anvan maryaj? Jan w alèz nan chanm lan ak djed grenn zanno sa a k ap peze dach ou, ba w tap, plake a se konfimasyon se pa yon premye fwa. Epi papa w gen odas pou l di w pou ou se yon jwèt lollll Paske menm pou pran yon sèn pou yon fim aktè yo konn pran l plizyè fwa paske kanpe devan kamera si w pa abitye li pa fasil. Ou se yon abitye sè, alèz !

Ki mele m yon jenn fanm nan plimen… se pa sa ki enterese m, se kretyen k ap adore je fèmen, men anlè ap louwe tout jounen an, vwal sou tèt, espirtyèl pase yo pa genyen, se sa ki atire m. Y ap preche lòt ti jenn yo pou pa fè anyen toutan yo po ko marye epi pa gen moun pran zouti pase yo konsa anba chal. Se pa djab k ap avili n se Bondye menm k ap avili n. Sispann bay djab la chay pote. Se Bondye k ap di n sispann pase non l nan betiz, nou pa respekte Sentespri !

Kite m di Pastè priye pito pou l pa tonbe sou lòt videyo tande sinon kè a ka rete wi… se pa sèlman tap, bo, plake, danse sou mizik ki pa evanjelik, misye di l pa t panse sa a, li sezi pou jan manzè move a, sa vle di li so t byen pase ak sè a… pou dayè depi sou ti dans gouyad la ou ka santi sa wi pastè, li so t byen ranpli ak sentespri nan chanm lan… Adorasyon an te pran dimansyon, anpil gras tonbe ! Epi pas ou tèlman pran n pou enbesil ou di Se jwe pita w t ap jwe lolll Pou li se yon jwèt lolll Kikote l te ye Pas? Anndan chanm lakay ou? Èske ou gen yon ide sou espas li te ye a Pastè? E bredjenn, zanno ak djed sa a menm; Ou rekonèt li pou mennaj pita w la Pas? Èske pitit ou te prezante w mennaj la deja? Se sa n toujou mande tout jenn yo anndan legliz la ! Ou sonje ki pozisyon w te genyen sou dosye Pitit fi Pastè Amel la? Alòske li menm se renmen li te renmen epi li marye ak mennaj li ki se te tou premye gason li konnen nan vi l; Jiskounye a y ap viv trankil USA.

Mesye ooo m ba nou vag wi… nou bay kè plen nan levanjil la paske nou blofè twòp epi yon bann Zonbi chita devan nou ap di n Amen, wawww ! E si se te pitit sè ou frè entèl la? E si se te pitit lòt dyak la? Jan Pastè sa a awogan…
Achiv yo la wi pas, ou sanble bliye vit. Ti koze ak TT ; Theriel Thelus

Theriel Thelus

Adresse

Pignon

Téléphone

+50941553112

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque MVH TV Media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Lieu De Culte

Envoyer un message à MVH TV Media:

Raccourcis

Partager