Étude de la Bible

Étude de la Bible Ce centre est là pour aider les jeunes a mieux comprendre la Bible

25/09/2024

Chak moun k ap viv sou tè a nan yon kous. Malgre gen lòt moun sou pakou a avè w, men se ak tèt ou ou nan konpetisyon. Fè efò chak jou pou depase eksplwa ou te fè avan yo, chak jou bat pou enpresyone tèt ou. Konsa chanpyon ki nan ou ap genyen kous lavi a.

Men sa Bib la fè nou konnen nan 1Korentyen 9:24.-«Nou konnen lè gen kous gen anpil moun k ap kouri. Men se yon sèl k ap ranpòte pri a, pa vre? Konsa, an nou kouri nan kous la yon fason pou nou ranpòte pri a.»
️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Mwen renmen nou anpil, men pa janm bliye Bondye renmen nou plis toujou.
Aksepte Jezi nan lavi w pou ka sove.
Bon lajounen tout moun.
© Farah Smith Laurent
Courtoisie : Ministère Vive Jésus
25 septanb 2024

23/09/2024

Aprann apresye don ak kapasite Bondye ba ou yo. Sispann plenyen pou sa ou pa genyen, apresye pito sa w genyen yo. Epi fè tout sa w kapab pou konsève sa Bondye ba ou yo paske gen anpil nan yo ou ka pèdi nan fè neglijans.

Men sa Bib la fè nou konnen nan Matye 25:28.-«Pran lajan an nan men l bay sèvitè ki fè lajan an rapòte dis (10) fwa plis la.»
️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Mwen renmen nou anpil, men pa janm bliye Bondye renmen nou plis toujou.
Aksepte Jezi nan lavi w pou ka sove.
Bon lajounen tout moun.
© Farah Smith Laurent
Courtoisie : Ministère Vive Jésus
23 septanb 2024

07/08/2024

Pa kite pawòl mal moun ap di sou ou enfliyanse w. Mete pito nan lespri w tout sa y ap di yo tout rete nan bouch moun k ap di yo a. Mande Bondye fòs pou ki gen yon mantal solid.
Men sa bib la fè nou konnen nan Pwovèb 29:25 .- «Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen.»
️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Mwen renmen nou anpil, men pa janm bliye Bondye renmen nou plis toujou.
Aksepte Jezi nan lavi w pou ka sove.
Bon lajounen tout moun.
© Farah Smith Laurent
Courtoisie : Ministère Vive Jésus
06 Dawout 2024

29/07/2024

Jodia mwen ta vle adrese espesyalman ak adolesan epi jèn nou yo. Mwen vle fè nou konnen lè yon paran nou oubyen yon fanmi, oubyen yon zanmi nou ap egzòte nou pou nou fè sa ki byen, se pa rayi pou nou rayi moun sa okontrè se pou ou priye pou moun sa paske li vle byen pou ou. Tout kote ki gen prensib gen reyisit. Pa gen okenn moun ki ka reyisi si li pa bay vil okenn prensip
Men sa Bib la fè nou konnen nan Ebre 12:11.-" Lè y ap pini nou, sa yon ti jan vle fè nou plis lapenn pase pou l ta fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen elve apre tout pen*syon sa yo, yo pral mennen yon lavi byen dwat ak kè poze."
️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Mwen renmen nou anpil, men pa janm bliye Bondye renmen nou plis toujou.
Aksepte Jezi nan lavi w pou ka sove.
Bon lajounen tout moun.
© Farah Smith Laurent
Courtoisie : Ministère Vive Jésus
29 Jiyè 2024

25/07/2024

Depi w renmen met lòd, ou toujou vle fè avè w dwat epi depi ou respekte ak fè respekte prensip, w ap toujou jwenn moun ki pa renmen w. Men pa dekouraje, menm moun ki pa renmen w yo kou y ap regle bagay serye, yo bezwen zafè yo byen òganize se ou y ap rele. Donk, ou gen enterè pou w pa chanje moun ou ye a pou pèsòn.
Men sa Bib la fè nou konnen nan Matye 25:21.-"Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou."
️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Mwen renmen nou anpil, men pa janm bliye Bondye renmen nou plis toujou.
Aksepte Jezi nan lavi w pou ka sove.
Bon lajounen tout moun.
© Farah Smith Laurent
Courtoisie : Ministère Vive Jésus
25 Jiyè 2024

24/07/2024

Tout sa w ka fè Jodi a se fè l, pa di ou a gen tan fè l. Ou wè jodi ou pa konn demen. Moun ki gen mantalite chanpyon aji ojou lejou, yo pa janm di y a gen tan.
Bib la fè nou konnen nan Pwovèb27:1.-"Pa fè grandizè pou sa ou pral fè demen. Ou wè jòdi, ou pa konn demen."
️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Mwen renmen nou anpil, men pa janm bliye Bondye renmen nou plis toujou.
Aksepte Jezi nan lavi w pou ka sove.
Bon lajounen tout moun.
© Farah Smith Laurent
Courtoisie : Ministère Vive Jésus
24 Jiyè 2024

21/07/2024

Bondye konn ranvèse sitiyasyon ki pa anfavè pitit li. Anpil fwa nou konn trouve nou nan move enpas, men Bondye Kreyatè a toujou gen kontwòl sitiyasyon lavi nou. Kite Kreyatè a mennen bak lavi w konsa ou pa p janm wont.
Men sa Bib la fè nou konnen sou ranvèsman sitiyasyon vèv Sarepta a nan 1Wa 17:14.-" Paske men pawòl Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p ap janm vid jouk jou mwen menm Seyè a m a fè lapli tonbe sou latè ankò."
️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Mwen renmen nou anpil, men pa janm bliye Bondye renmen nou plis toujou.
Aksepte Jezi nan lavi w pou ka sove.
Bon lajounen tout moun.
© Farah Smith Laurent
Courtoisie : Ministère Vive Jésus
21 Jiyè 2024

20/07/2024

Konbyen nan nou ki fin aprann yon metye, men ki pa janm fè eksperyans nan domèn nan? Youn nan fason ou ka gen eksperyans se dakò fè benevola pou zanmi, fanmi ak nan antrepriz lòt moun. Anpil nan nou pa dakò fè benevola. Benevola pa vle di travay gratis paske ou gen kòm salè eksperyans pou mete nan CV w ak rekonesans lòt moun nan domèn ou an. Epi nenpòt lè yon moun ka rele w pou yon travay.
Bib la fè nou konnen nan 1Korentyen15:58.-" Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi."
️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Mwen renmen nou anpil, men pa janm bliye Bondye renmen nou plis toujou.
Aksepte Jezi nan lavi w pou ka sove.
Bon lajounen tout moun.
© Farah Smith Laurent
Courtoisie : Ministère Vive Jésus
20 Jiyè 2024

19/07/2024

Pa dekouraje si lavi w nan yon move enpas. Se Bondye ki gen kontwòl sitiyasyon pa w la. Menmsi w wè moman yo di, anyen paka bloke delivrans ou. Depi Bondye di wi, lèzòm paka di non.
Bib la fè nou konnen nan Jeremi 29:11.-"Se mwen ki konnen sa m gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n ap tann lan."
️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Mwen renmen nou anpil, men pa janm bliye Bondye renmen nou plis toujou.
Aksepte Jezi nan lavi w pou ka sove.
Bon lajounen tout moun.
© Farah Smith Laurent
Courtoisie : Ministère Vive Jésus
19 Jiyè 2024

18/07/2024

Eske tout sa larelijyon ap di yo se tout ki itil nou ? Eske se tout ki fè nou pwoche pi prè Bondye? Okontrè anpil nan sa y ap di ak sa y ap fè nou fè plis elwanye nou ak Kreyatè a. Fè konfyans ak pawòl Bondye a olye nou kwè nan relijyon yo.
Bib la fè nou konnen nan Travay 17:11.-"Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t ap di yo a se vre."
️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Mwen renmen nou anpil, men pa janm bliye Bondye renmen nou plis toujou.
Aksepte Jezi nan lavi w pou ka sove.
Bon lajounen tout moun.
© Farah Smith Laurent
Courtoisie : Ministère Vive Jésus
18 Jiyè 2024

15/07/2024

Pa rete chita tann moun fè pou ou sèlman ou menm pou w janm fè anyen pou moun.
Pa rete nan mande sèlman aprann pataje sa w genyen tou.
Epi gade pou w wè nan pasaj ou sou tè sa kisa ou itil antouraj ou, kominote w, e menm peyi w.
Bat pou w ofri yon bagay k ap itil yon moun pou jounen an.
Bib la fè nou konnen nan Travay 20:35.-"Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k ap bay pase pou moun k ap resevwa."
️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️❤️
Mwen renmen nou anpil, men pa janm bliye Bondye renmen nou plis toujou.
Aksepte Jezi nan lavi w pou ka sove.
Bon lajounen tout moun.
© Farah Smith Laurent
Courtoisie : Ministère Vive Jésus
15 Jiyè 2024

Joyeux anniversaire Nelcinio Laurent le Scribe
14/07/2024

Joyeux anniversaire Nelcinio Laurent le Scribe

Adresse

Thomassin 25
Pétionville
509

Téléphone

+50944191464

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Étude de la Bible publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Lieu De Culte

Envoyer un message à Étude de la Bible:

Partager