Paroisse Sainte Anne de Trianon, Diocèse de Hinche, Haïti

Paroisse Sainte Anne de Trianon, Diocèse de Hinche, Haïti Évangélisation et éducation

31/05/2026

OMELI POU DIMANCH 31 ME 2026
FÈT SENT TRINITE – ANE A
FÈT MANMAN YO AN AYITI

Levanjil : Jan 3, 16-18

Frè m ak sè m yo,

Jodi a, premye dimanch apre fèt Lapannkot, Legliz la ap louvri je nou sou pi gwo mistè lafwa nou: Mistè Sent Trinite a. Yon sèl Bondye nan twa Moun: Papa a, Pitit la, ak Lesprisen an. Men tou, jodi a se 31 me, dènye jou nan mwa a, mwa flè yo, mwa Manman Mari, epi jou kominote nou an ak tout peyi a ap fete Fèt Manman yo.

Lè nou gade reyalite peyi nou Ayiti jodi a, kè nou ka lou. Gen anpil dlo nan je, gen anpil enkyetid pou demen, gen anpil manman k ap mande «Kote n prale?». Se poutèt sa, selebrasyon jodi a pa vin kòm yon amizman pou n bliye sa n ap viv, men li vin kòm yon sous dlo fre nan mitan dezè a. Jodi a, n ap selebre de fòs ki kenbe Ayiti kanpe toujou: Lanmou ki nan Bondye Trinite a, ak kouraj ki nan Kè Manman yo.

Anpil fwa, nou tande pale de mistè Sent Trinite a kòm yon teoloji ki twò wo pou nou konprann. Men, levanjil Sen Jan jodi a desann mistè sa a nan nivo kè nou. Li pa di nou Bondye se yon konesans syantifik, li di nou: «Bondye sitèlman renmen tè a, li bay sèl Pitit li a...»

Bondye Trinite a se yon Bondye Relasyon. Li pa yon chèf k ap gade nou byen lwen sou yon fòtèy, li pa yon diktatè k ap kraze moun.

Papa a se Sous Lavi a, se Kreyatè ki pa janm abandone sa l fè.

Pitit la (Jezi) se Lanmou ki pran kò moun, ki vin fè yonn ak nou nan tout tray n ap travèse yo, ki konn sa ki rele grangou, imilyasyon, ak lanmò sou yon kwa, pou l ka ba nou lavi nèt ale.

Lesprisen an se Souf ak Dife k ap simante relasyon sa a, k ap ban nou fòs pou n pa abandone.

Nan yon peyi kote divizyon ap ronge nou, kote "chak koukouye ap klere pou je pa yo", kote enterè pèsonèl ap detwi lavi frè ak sè nou, Sent Trinite a vin ba nou yon leson politik ak sosyal ki klè: Sove an klan pa egziste. Lavi se nan pataj, nan tèt ansanm, ak nan respè yonn pou lòt li ye. Bondye Trinite a ap di nou jodi a: Si nou vle sanble ak mwen, nou dwe aprann fè yon sèl.

Si gen yon moun sou tè sa a ki ede nou konprann sa Trinite a ye, se Manman an. Epi nan peyi nou Ayiti, manman yo se pa sèlman poto mitan, yo se vrè ewo ki anpeche sosyete a tonbe nèt.

Lè nou gade manman nou yo, nou wè twa aspè sa yo ki nan Trinite a:

1- Yo bay lavi (Tankou Papa a): Malgre tout mizè, malgre lopital ki pa gen materyèl, manman ayisyen an kontinye akeyi lavi ak espwa. Yo pa pè bay lavi, paske yo kwè nan demen.

2- Yo sakrifye tèt yo (Tankou Pitit la): Sa se reyalite chak jou nou. Se manman yo ki leve anvan solèy leve, k ap kouri anba bal nan lari pou yo al chache lavi nan "Madan Sara". Se yo k ap pran imilyasyon nan mache, k ap sipòte chay grangou a pou pitit yo ka jwenn yon moso pen epi ale lekòl. Yo bay kò yo ak san yo pou fanmi an pa koule.

3- Yo konsole ak rasanble (Tankou Lesprisen an): Lè tout pòt fèmen, lè pa gen sekirite, se anba jip manman a tout moun vin kache. Se li ki siye dlo nan je, se li ki konn jwenn ti mo ankourajman an: «Pa pè pitit mwen, Bondye ap fè yon wout.»

Jodi a, 31 me, mwa flè a ap fini. Men, nou konnen bèl flè ki pa janm fane nan peyi Ayiti a, se manman nou yo. N ap rann yon gwo omaj solanèl pou tout manman ki deplase kite kay yo akòz vyolans, manman k ap viv nan kan refijye nan pwòp peyi yo, manman ki pèdi pitit yo anba bal, ak sa yo k ap gade pitit yo k ap pati kite peyi a ak dlo nan je paske pa gen espwa isit la. Nou pa bliye tou sa ki pati nan peyi san chapo, n ap mete yo sou lotèl la jodi a.

Frè m ak sè m yo, nou pa ka fini mès jodi a pou n sèlman di "Bòn fèt" ak bèl pawòl. Selebrasyon sa a mande yon angajman konkrè ak yon gwo rèl pou jistis:

Sispann fè manman yo kriye: Pou mesye yo k ap pote zam, pou moun k ap simen dezespwa ak lanmò nan peyi a: Se manman nou n ap touye, se manman nou n ap mete nan lari, se kè manman n ap pèse. Chak fwa nou koule san yon jenn gason oswa yon jenn fi, se yon manman nou kondane pou l kriye tout rès lavi li. Nan non Bondye Trinite a ki renmen lavi, li lè pou zam yo ta kase pou n bati yon lòt Ayiti.

Ann bati yon Kominote tankou Trinite a: Legliz nou an, katye nou yo, fanmi nou yo dwe sispann kote rasis, klasis, ak eksklizyon ap vale teren. Si nou se pitit menm Papa a, nou dwe aprann gade lòt la kòm yon frè, pa kòm yon lènmi pou n elimine.

Onore manman yo ak diyite: Onore yo pa vle di ba yo yon kado jodi a epi demen nou kite yo anba chay la poukont yo. Leta ak lasosyete dwe travay pou gen sekirite, lopital, ak lekòl, pou manman ayisyen an ka sispann kriye epi pou l ka gade pitit li k ap grandi nan lapè ak diyite.

Pèp Ayisyen, leve tèt ou! Nou se yon pèp ki make ak so Trinite a. Nou se yon pèp ki gen manman ki gen kouraj. Malgre nwaj la nwa, malgre gwo van an ap soufle, batiman an ap balanse men li pap koule, paske se Bondye Lanmou an k ap kòmande li.

N ap mande Manman Mari, manman pèp Ayisyen an, li menm ki te rete kanpe anba kwa Jezi a, pou l pran tout manman nou yo anba rad li, pou l ba yo fòs ak sante.

Se pou benediksyon Bondye ki gen tout pouvwa a: Papa a, Pitit la, ak Lesprisen an, desann sou nou, sou fanmi nou, ak sou peyi nou Ayiti, epi pou l rete tout tan gen tan.
Bòn fèt Sent Trinite!

Bòn fèt ak anpil respè pou tout Manman Ayisyen yo! Amèn.

23/05/2026

OMELI POU DIMANCH PANTKOT (ANE A) – 24 ME 2026

Frè m ak sè m yo,

Jodi a, gwo flanbo lafwa nou an limen ak yon klète espesyal. N ap selebre Pantkot. Se pa yon senp anivèsè n ap fete, se pa yon istwa pase n ap rakonte; se yon reyalite vivan k ap akonpli la a, jodi a, nan mitan nou. Se fèt nesans Legliz la, jou kote Bondye Papa a ak Jezikri, Pitit li a, deside pa kite limanite òfelen, men yo soufle sou li Souf ki bay lavi a, Souf ki bay fòs la: Lespri Sen an.

Lè nou gade premye lekti a (Akt 2, 1-11), nou wè disip yo te reyini tou senpleman nan yon chanmòt. Toudenkou, yon gwo bri soti nan syèl la tankou yon gwo van k ap soufle ak fòs, epi lang dife vin poze sou tèt yo chak. Sa n ap selebre jodi a, se Dife sa a ki pa boule kò, men ki limen kè; se Van sa a ki pa kraze kay, men ki desann lògèy ak divizyon pou l bati yon limanite tou nèf.

Nan Levanjil jodi a (Jan 20, 19-23), Sen Jan pentire pou nou yon tablo ki sanble tèt koupe ak sa n ap viv an Ayiti depi kèk tan: Disip yo te fèmen dèyè pòt yo, paske yo te pè. Pòt yo te fèmen, kè yo te fèmen, avni yo te parèt bouche. Yo te pè lanmò, yo te pè lenmi, yo te pè pou yo pa kraze yo menm jan yo te kloure Mèt yo a sou kwa a. Laperèz te paralize yo, li te vòlè lajwa yo ak espwa yo.

Frè m ak sè m yo, èske sa pa sanble ak reyalite pa nou an Ayiti? Depi konbyen tan n ap viv nan yon "chanmòt" anba presyon laperèz?

.Nou pè soti nan lari, nou pè pou yo pa kidnape nou oubyen pou yon bal pèdi pa pote n ale.
.Kè nou sere lè n ap gade jèn nou yo k ap kite peyi a paske yo pa wè okenn espwa demen.
.Pòt kay nou yo fèmen ak gwo kle, men pi souvan, se kè nou menm ki fèmen anba dekourajman, tristès, ak tèt chaje.

Men, se nan mitan laperèz sa a Jezikri ki leve vivan an parèt. Li pa bezwen kle pou l pase nan pòt ki fèmen yo. Li kanpe nan mitan nou jodi a epi li di nou avèk fòs ak otorite: "Lapè avèk nou!" Sa a se pa yon lapè pasif, se pa yon lapè moun ki pèdi batay. Se lapè ki bay fòs pou n leve kanpe. Lèfini, li soufle sou yo, li di: "Resevwa Lespri Sen an." Souf sa a, se souf lavi a. Se menm souf sa a ki te pase sou dlo yo nan premye kreyasyon an pou pote lòd kote ki te gen dezòd la. Se souf sa a Ayiti bezwen jodi a: yon souf ki pou kase chenn ki paralize nou yo, k ap di nou: "Pa pè! Leve kanpe, mache!"

Nan premye lekti a, gen yon detay ki enpòtan epi ki bèl anpil: moun ki te soti nan tout kalite nasyon (Pat, Mèd, Elamit, moun Mezopotami, moun Jide...) te sezi wè apòt yo, ki te moun Galile, k ap pale epi chak moun te tande Bòn Nouvèl la nan pwòp lang pa yo.

Sa a se kontrè istwa fò Babèl la nan liv Jenèz la, kote gason ak fanm te vle bati yon gwo fò pou yo rive nan syèl la pa pwòp fòs yo, epi Bondye te konfonn lang yo pou yo pa t ka konprann yonn lòt ankò. Babèl se senbòl divizyon, lògèy, ak enkapasite pou moun viv ansanm.

Lè nou gade peyi nou Ayiti, nou wè nou nan yon sitiyasyon "Babèl". Malgre nou gen yon sèl lang (Kreyòl nou an) ak yon sèl kilti, nou pa ka konprann yonn lòt. Divizyon sosyal, nèg anwo ak nèg anba, enterè pèsonèl ak politik ap dechire nasyon an. Nou sanble pèdi kapasite pou nou chita pale tankou frè ak sè pou nou wè enterè peyi a anlè tout lòt enterè.

Pantkot la vin di nou jodi a: Sèl lang ki ka sove nou, se lang Lespri Sen an, ki se lang Renmen an, lang Jistis la, ak lang Verite a. Sen Pòl fè nou konprann sa byen nan dezyèm lekti a (1 Kor 12): nou tout se manm yon sèl kò. Si yon manm ap soufri, tout kò a ap soufri. Lè yon frè nou nan grangou nan katye popilè yo, lè yon sè nou nan dlo nan je nan pwovens yo, se tout kò Ayiti a k ap senyen. Lespri Sen an ap rele nou jodi a pou nou depase enterè klan ak enterè ti gwoup, pou nou bati yon sèl kò nan Kris la, yon sèl pèp ki deside sove peyi l.

Jezi di disip li yo: "Menm jan Papa a te voye m nan, se konsa mwen menm tou mwen voye nou." Misyon sa a pa sèlman pou pèp Izrayèl la, se yon misyon ki rive jiska nou an Ayiti nan ane 2026 sa a.
Jezi pa voye nou al chita ap plenyen sou fènwa a, li voye nou al limen limyè. Li ba nou pouvwa pou nou padonnen peche. Sa vle di, nan yon peyi kote gen anpil ranyi, anpil revanj, ak anpil san kap koule, kòm kretyen, nou gen misyon pou nou pote medikaman padon an. Padon pa vle di inyorans jistis, men li vle di nou refize pou lènmi an detwi pwòp limanite pa nou nan fè nou vin mechan tankou li.
Nou dwe vin "Aparèy Transfòmatè" anba pouvwa Lespri a:

.Kote ki gen dekourajman, se pou nou pote espwa.
.Kote ki gen manti, se pou nou pale verite.
.Kote ki gen lanmò ak destriksyon, se pou nou travay pou lavi ak rekonstriksyon.

Peyi nou an pap chanje pa maji, ni li pap chanje pa fòs zam k ap detwi lavi moun. L ap chanje lè gason ak fanm ki resevwa batèm ak konfimasyon deside kite Lespri Sen an dirije entèlijans yo, konsyans yo, ak aksyon yo chak jou nan travay yo, nan lekòl yo, nan mache yo, ak nan administrasyon piblik yo.

Frè m ak sè m yo, an nou pa kite fèt Pantkot sa a pase tankou yon senp seremoni kote nou sèlman mete rad wouj pou n fè bèl rityèl. An nou mande Bondye pou l fè yon nouvo Pantkot pou Ayiti. An nou kanpe ak diyite, ak lafwa, epi an nou monte vwa nou nan syèl la pou nou fè priyè sa a kòm yon sèl pèp:

O Lespri Sen, Bondye ki renmen lavi,
Desann sou peyi nou Ayiti nan moman fènwa sa a.

Vini tankou yon gwo van pou chofe ak netwaye tout vye panse ak plan lanmò k ap detwi pitit tè sa a.

Vini tankou yon lang dife pou w limen nan kè dirijan nou yo ak nan kè nou chak renmen pou frè n ak sè n yo ak pasyon pou jistis.

Wouze tè sa a ki fin sèk anba dlo nan je ak san k ap koule.
Geri blese tout moun ki pèdi fanmi yo, tout moun ki pèdi kay yo, ak tout moun ki pèdi espwa.
Kase pòt fèmen laperèz nou yo, epi ban nou kouraj pou nou rebati yon Ayiti kote lavi gen valè, kote lapè ap gouvènen, epi kote n a viv kòm pitit Bondye tout bon vre.

O Lespri Sen, renouvle vizaj peyi nou an!

Amèn. Alléluia!

25/12/2025

Omeli pou Jedi 25 Desanm 2025
Fèt Nwèl – Jan 1, 11-18

Frè ak sè m yo, bonjou!

Jodi a, Legliz la chante ak kè kontan: “Pawòl la tounen moun!” (Jan 1,14). Sa se kè Fèt Nwèl la. Bondye pa rete lwen nou, li pa pale ak nou sèlman depi nan syèl la; li antre nan istwa nou, li antre nan mizè nou, li antre nan lavi nou.

Levanjil Jan an di nou yon verite ki fè nou reflechi:
“Li te vin lakay li, men pwòp pèp li pa t resevwa li.” (Jan 1,11).
Menm jodi a, kesyon sa a rete ouvè: èske nou menm n ap resevwa Jezi?

Jezi vini kòm Limyè. Limyè sa a pa sèlman pou dekore Nwèl, men pou klere lavi nou. Nou konnen fènwa pèp nou an ap travèse: vyolans, laperèz, ensekirite, fanmi gaye, timoun san lekòl, granmoun san espwa. Nan tout sa, Nwèl la anonse nou:
👉 fènwa a pa gen dènye mo a.
Limyè Kris la pi fò pase zam, pi fò pase rayisman, pi fò pase lanmò.

Jan di: “Pawòl la tounen moun, li vin rete pami nou.” Bondye pa vin vizite nou sèlman; li vin rete. Li pran chemen pòv yo, li pran chemen moun kap soufri yo. Sa vle di:
• Bondye la nan dlo nan je manman k ap kriye pou pitit li,
• Bondye la nan doulè malad yo,
• Bondye la nan kè pèp k ap lite pou l viv ak diyite.

Nwèl di nou: ou pa pou kont ou.

Levanjil la di: “Tout moun ki resevwa li, li bay pouvwa pou yo vin pitit Bondye.” (Jan 1,12).
Sa se pi gwo kado Nwèl la: nou se pitit Bondye. Pa esklav laperèz, pa prizonye dezespwa, men pitit ki gen valè, pitit ki gen avni.

Si nou pitit Bondye:
• nou aple pou n chwazi lavi,
• pou n refize rayisman,
• pou n bati lapè, menm nan mitan kriz.

Frè ak sè mwen yo, selebre Nwèl se pa sèlman chante ak manje. Se louvri kè nou.
• Resevwa Jezi nan fanmi nou,
• nan fason nou pale,
• nan fason nou trete youn lòt,
• nan jan nou pran swen pi fèb yo.

Si Jezi jwenn plas nan kè nou, Ayiti ka jwenn limyè.
Si Pawòl la vin chè ankò nan lavi nou, espwa ap leve.

Nan jounen sa a, ann di Jezi:
“Granmèt, antre lakay mwen. Rete avè m. Fè m pitit Bondye vre.”

Se pou limyè Nwèl la klere kè nou, fanmi nou, ak peyi nou.
Jwaye Nwèl! Amèn.

21/12/2025

Dimanch 21 desanm 2025
4ᵉ Dimanch Lavan – Ane A
Lekti yo : Izayi 7,10-14 ; Women 1,1-7 ; Matye 1,18-24



Frè ak sè m yo, bonjou!

Nou rive jodi a nan dènye dimanch Lavan an, katriyèm dimanch la. Sa vle di Nwèl la prèske la. Lavan se pa sèlman yon tan pou n konte jou jiskaske Nwèl rive, men se yon tan pou kè nou prepare, pou lavi nou prepare, pou lafwa nou vin pi pwofon. Jodi a, Legliz la mete devan je nou figi Sen Jozèf, yon nonm ki pa pale anpil, men ki fè anpil, yon nonm ki pa fè bri, men ki obeyi Bondye ak tout kè li.

Nan yon mond kote tout moun ap pale, ap plenyen, ap fè bri, Bondye chwazi pase mesaj li atravè silans Sen Josèf.

Nan premye lekti a (Izayi 7), pèp la tap viv nan laperèz. Gen menas, gen lagè, gen ensekirite. Wa Akaz pè, li pa konn ki direksyon pou l pran. Se nan moman sa a Bondye voye pwofèt Izayi pou l di l :

« Men siy Granmèt la va ban nou : jenn fi a ansent, li pral fè yon pitit gason, y ap rele l Emmanuel. »

Sa etonan anpil ! Bondye pa di : M ap voye zam, m ap voye sòlda, m ap voye pouvwa. Non. Bondye di : m ap voye yon timoun.
-Sa montre nou fason Bondye a pa fason moun.
-Lè nou panse fòs se nan vyolans, Bondye montre fòs li nan lavi, nan tandrès, nan imilite.
Jodi a, frè ak sè m yo, pawòl sa a pale fò pou nou, sitou nan reyalite nou ap viv yo :
– ensekirite,
– vyolans,
– fanmi kraze,
– timoun san lekòl,
– jèn san avni.

Bondye ap di nou menm jan li te di pèp Izrayèl la :
« Nou pa pou kont nou. Emmanuel : Bondye avèk nou. »
Levanjil la montre nou Sen Jozèf devan yon gwo kriz pèsonèl. Mari, fi li fiyanse a, ansent. Sou plan imen, Jozèf te gen dwa fache, li te gen dwa denonse, li te gen dwa kraze relasyon an. Men Levanjil la di nou yon bagay enpòtan :

« Jozèf se te yon nonm ki jis. »

Jistis Jozèf la pa t nan mechanste, men nan lanmou ak konpasyon. Li pa vle fè Mari wont. Li chwazi pran chemen ki pi dous la, menm lè li ap soufri anndan kè li.
Frè ak sè m, konbyen fwa nou menm, lè nou blese, nou chwazi revanj ? Konbyen fwa nou pito kraze lòt la pou n santi nou pi fò ? Sen Jozèf montre nou yon lòt chemen : chemen respè, silans, pasyans.

Se nan lannwit, nan rèv, Bondye pale ak Jozèf :

« Jozèf, pitit David, pa pè pran Mari lakay ou. »

Sa enpòtan anpil :
-Bondye di l « pa pè ».
-Laperèz se pi gwo lènmi lafwa.

Jozèf pa mande kesyon. Li pa diskite ak zanj lan. Li pa chèche konfimasyon sou rezo sosyal. Levanjil la di senpleman :

« Lè Jozèf leve, li fè sa zanj Granmèt la te mande l la. »

Men definisyon lafwa a : leve, fè konfyans, obeyi.

Zanj lan konfye Jozèf yon misyon :

« Ou va rele pitit la Jezi, paske se li ki va sove pèp li a anba peche yo. »

Jozèf vin gadyen Jezi, gadyen lavi, gadyen espwa mond lan. Li pa papa biyolojik, men li se papa responsab, papa prezan, papa ki pwoteje.

Sa se yon gwo mesaj pou tan nou an :
– pou papa yo,
– pou gason yo,
– pou tout moun ki gen responsabilite sou lavi lòt moun.

Papa se pa sèlman fè pitit ; papa se pwoteje, edike, sèvi, sakrifye.

Non Emmanuel la se kè mesaj Nwèl la. Bondye pa rete lwen doulè nou. Li antre ladan l. Li pa gade nou depi anlè ; li vin viv ak nou.

Jezikri pa fèt nan palè, men nan povrete. Sa vle di Bondye pa wont reyalite nou, menm lè li difisil.
-Li antre nan kay nou.
-Li antre nan peyi nou.
- Li antre nan soufrans nou.

Men kesyon an rete : Èske nou pare pou n louvri pòt la ?

Frè ak sè m, avan Nwèl rive, Legliz la poze nou kesyon sa yo :

– Ki sa Bondye mande m chanje nan lavi m ?
– Ki moun mwen dwe padone ?
– Ki peche mwen dwe kite ?
– Ki espas mwen dwe louvri pou Jezi antre ?

Nwèl se pa sèlman fèt limyè, rad nèf, mizik ak manje. Nwèl se Jezi k ap fèt nan kè nou.

Ann mande gras pou nou viv yon Nwèl ki vrè, yon Nwèl ki chanje lavi nou.

– Ke Mari aprann nou di Wi san kondisyon.
– Ke Sen Jozèf aprann nou obeyi san bri.
– Ke Jezi, Emmanuel, jwenn lakay li nan kè nou, nan fanmi nou, nan peyi nou.

Se konsa Nwèl pap sèlman yon dat, men li va vin yon sous lespwa ak delivrans pou lavi nou.
Amèn.

16/11/2025

OMELI – 33e DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE C
Lekti prensipal yo:
Malachi 3,19-20a
Sòm 97
2 Tesalonisyen 3,7-12
Lik 21,5-19

Chè frè ak sè m, bonjou!
Nou antre nan dènye semèn avan fen ane litijik la. Se yon tan kote legliz la envite nou levé tèt nou, gade pi lwen pase doulè lavi a, epi recouvrir lespwa k ap tann tout moun ki kenbe lafwa yo.
Nan lekti jodi a, Jezi ap pale de gwo boulvès, de kriz, de konba, de pèsekisyon… men Jezi di yon pawòl ki gen tout lavi a ladan l:
“Menm cheve nan tèt nou pap pèdi.”
Se yon mesaj dirèk pou nou menm an Ayiti, ki ap viv nan yon tan ki sanble ak deskripsyon Jezi a:
kay boule,
zak kidnapping,
batay gang k ap kraze kominote nou yo,
fanmi k ap kouri,
jèn ki pè deplase,
moun ki pèdi travay,
pep ki santi li bliye…
Nan mitan tout sa, Bondye ap di nou:
“Kenbe fèm. Mwen pa lage w. Mwen avèk nou jiskaske bagay yo chanje.”
Nan Levanjil la, Jezi te devan bèl tanp Jerizalèm lan. Se te pi gwo, pi bèl, pi solid konstriksyon pèp Izrayèl la. Tout moun te fyè de li. Men Jezi di:
“Pap rete wòch sou wòch.”
Sa vle di: tout bagay materyèl, tout fòs nou kwè ki pap janm tonbe, tout sa kapab disparèt. Men gen yon bagay ki pap janm kraze:
Fidèlte Bondye ak moun ki rete nan chemen l.
Jodi a, chak moun an Ayiti ka konprann pawòl sa pi plis pase tout lòt pèp. Paske
gen fanmi ki te gen kay, jodi a yo nan kan;
te gen legliz, jodi a yo kraze oswa vid;
te gen kominote vivan, jodi a yo gaye dapre katye gang yo pran;
te gen jèn ak rèv, jodi a yo ap viv nan pè.
Epi nou mande: “Bondye, ki kote ou ye? Ou pa wè sa k ap pase?”
Jezi reponn nou jodi a:
“Anvan tout bagay kraze, Lafwa ou dwe rete djanm.”
Nan premye lekti a, pwofèt Malachi pale de yon jou kote mechan yo ap boule tankou pay, men moun ki kenbe chimen Bondye ap resevwa yon limyè k ap geri yo.
Se mesaj espwa pou moun ki viktim, moun ki pè, moun ki fatige.
Pou tout kominote ki kraze nan Plato Santral, Trianon, Saut-d’Eau, Mirebalais, …
Bondye pa rete endiferan devan sanginè k ap touye, devan kòlè lavi a, devan sitiyasyon kote moun pa respekte moun ankò.
Bondye ap di nou:
“Jou m nan ap vini. Limyè a ap leve pou nou. Gerizon an pap manke.”
Nan 2 Tesalonisyen an, Sen Pòl di yon lòt bagay ki enpòtan pou moun k ap viv nan kriz:
“Pa bouke fè byen.”
Nan moman latwoublay, gen tantasyon:
pou nou vinn move tankou moun k ap fè mechanste yo,
pou nou pèdi lespwa,
pou nou abandone travay, misyon, vokasyon nou,
pou nou di: “Sa pa vo anyen ankò… lavi fini.”
Men Pòl di: “Non! Pa lage. Pa dekouraje.”
Lè Ayiti ap travèse mitan fènwa, se lè sa nou bezwen plis moun k ap fè byen:
moun ki kontinye priye;
moun ki kontinye ede vwazen yo;
moun ki kontinye leve jèn yo;
moun ki kontinye preche verite a;
moun ki kontinye aji ak jistis menm lè ensekirite ap anvayi peyi a.
Nou pap sispann fè byen paske mechan yo ap fè dezòd.
Nap kontinye fè byen paske Bondye pa janm sispann gade nou.
Nan Levanjil la, Jezi bay twa konsèy pou moun k ap viv nan kriz.
1. Pa pè
Li di: “Pa pè lè n tande pale de lagè, boulvès, dezòd.”
Jezi pa di pou n fè sòt, men pou n pa kite pè a pran kontwòl nou.
2. Rete tèt frèt
Lè tout bagay sanble ap kraze, pa kouri dèyè vwa k ap twonpe, pa swiv fo pwofèt, pa kouri dèyè manti.
3. Persevere
Avan Jezi fini, li bay yon promès ki dwe ret nan kè nou:
“Se avèk perseverans nou n ap sove lavi nou.”

Annou mete pawòl Jezi yo nan lavi nou jodi a.
Wi, peyi ap soufri anpil.
Wi, gen anviwonman kote legliz vid.
Wi, gen jèn ki pè ale lekòl.
Wi, gen kominote ki kraze.
Wi, gen kò ki fèb, gen kè ki boulvèse, gen moun k ap mande: “men, kote Bondye?”
Men Jezi ban nou pawòl sa pou nou kenbe nan memwa nou:
“Pa gen yon cheve nan tèt nou k ap pèdi san Papa a pa konnen.”
Bondye ap mache avèk nou.
Li wè doulè nou.
Li tande kri nou.
Li konnen non sakrifye nou yo.
Li rekonèt enjisitis yo.
Li wè san inosan yo.
Menm nan mitan dezòd la, Bondye ap prepare yon delivrans.
Pou jodi a, chak moun ka fè twa aksyon sa yo:
1. Mete lavi w nan men Bondye chak maten
Yon ti lapriyè senp:
“Se ou ki fòs mwen. Pa kite m tonbe.”
2. Chèche fè yon jès byen chak jou
Yon mo ankourajman, yon jès charite, yon sèvis pou kominote a.

3. Pa jije, pa kondane, pa pèdi pasyans.
Bondye ap travay nan silans. Delivrans li pap janm an reta.
Jezi pa pwomèt nou lavi fasil. Men li pwomèt nou yon bagay ki depase tout sa mechan yo kapab fè:
“M ap akonpaye nou. Nan persevérans nou, n ap genyen lavi nou, nap pote laviktwa.”
Nou antre prè fen ane litijik la. Se pa fen espwa. Se pa fen limyè.
Bondye mande nou sèlman kenbe, rete fidèl jiskaske limyè gerizon an leve sou Ayiti.
Se pou limyè sa a limen nan kè chak moun kap soufri.
Se pou li limen nan kominote ki gaye yo.
Se pou li limen nan legliz nou yo.
Se pou li limen nan jèn nou yo.
Se pou li limen nan nasyon nou an.
Amèn.

14/11/2025

MESAJ KIRE PAWAS TRIANON

Pou Kiwo ak tout Jèn yo ki gaye akoz vyolans yo.
Fèt Kris Wa & Jounen Mondyal Jèn Yo.
Dimanch 23 Novanm 2025

Chè pitit mwen yo, Kiwo Trianon,
Chè tout jèn pawas la ki gaye toupatou akoz vyolans ak laterè ki frape kominote nou an,

Nan moman solanèl Fèt Kris Wa linivè a, ansanm ak selebrasyon Jounen Mondyal Jèn yo, mwen ekri nou ak anpil emosyon, anpil lanmou, e anpil espwa. Menm si plizyè nan nou lwen Trianon, nou tout rete yon sèl fanmi, yon sèl legliz, yon sèl kò ki ini nan Kris la.

Akoz zak mechanste ak laterè ki fin toupizi kominote nou an, anpil nan nou oblije kouri kite kay, lekòl, zanmi, ak lavi nou t ap konstwi. Mwen konnen doulè sa a. Mwen pote lapenn nou ak fristrasyon nou chak jou nan lapriyè m ak nan Mès yo. Men jodi a, Kris Wa a vin raple nou yon verite ki pi fò pase tout zam, tout menas, tout trajedi:

“Pouvwa Kris la pa nan laterè, men nan lanmou ki pap janm fini.”

1. Kris Wa a rete Wa nou menm nan egzil nou.

Li wè nou. Li konnen non nou chak. Li konnen kote n ap dòmi, ki jan nou santi nou, e ki batman kè nou pote pou Trianon.
Pouvwa li pa janm febli.
Mennen nou deyò pawas la pa retire nou nan men Bondye.
Gaye nou pa kraze pèsonalite nou, ni idantite nou, ni misyon nou.
Nou toujou Kiwo. Nou toujou Jèn Pawas Trianon. Nou toujou flanm espwa Legliz la.

2. Kiwo pa sispann egziste paske lokal la fèmen.

Kiwo se pa yon lokal.
Kiwo se pa sèlman yon randonè oswa yon reyinyon.
Kiwo se yon lespri, yon kouraj, yon disiplin nan lafwa.

Lè nou priye lwen lakay, lè nou ede paran nou malgre difikilte,
lè nou kenbe respè, moralite, ak espwa, se misyon Kiwo a n ap viv.
E mwen fyè de nou.

3. Yon mesaj espesyal pou jèn ki pè, ki fache, ki fatige.

Si ou santi w dekouraje,
Si ou gen enpresyon Bondye bliye ou,
Si ou santi vyolans yo kraze rèv ou…
Tanpri tande sa Kire w ap di ou jodi a:

**Bondye pa janm bliye pitit li yo.
E ou pa pèdi valè w.
Ou pa pèdi avni w.
Ou pa pèdi plas ou nan pawas la.**
Nou pral rebati ansanm.
Nou pral tounen selebre.
Nou pral tounen kanpe.

4. Tèm Jounen Mondyal Jèn yo pou nou jodi a

Pap François toujou di jèn yo:
“Pa pè leve kanpe pou limen yon limyè nan mitan fènwa a.”

Nou menm jèn Trianon, nou se limyè Bondye nan mitan peyi a kap soufri.
Nou se jenerasyon ki kapab ede chanje Ayiti.
Vyolans pa gen dènye mo a.
Se Kris Wa ki gen dènye mo a.

5. Mo Ankourajman pou Kiwo ak Jèn Lahoué, Domond ak Pernier.

Mwen vle fè yon salitasyon espesyal ak yon gwo bravo pou Kiwo ak tout jèn nan chapèl Lahoué, Domond ak Pernier, ki kontinye leve kanpe, reyini, priye ansanm, epi selebre lafwa yo ak kouraj, malgre tout presyon, laperèz, echanj difisil ak menas lavi a pote chak jou.

Chè jèn mwen yo,
Chak fwa nou reyini nan chapèl nou yo— menm si se pa anpil moun, menm si wout la pa fasil, menm si fòk nou peye pri kouraj nou — nou montre pèp Bondye a ke fènwa pa ka disparet limyè nou.
Nou se temwen vivan ke Kris Wa a vivan, ke lap mache avèk nou,
ke li bay fòs kote moun wè feblès, ke li bay direksyon kote peyi a sanble pèdi.
E mwen vle nou konnen sa:
Legliz la wè nou. Pawas la apresye nou. Mwen menm Kire nou, mwen fyè de nou.
Efò nou pa pèdi. Sakrifis nou se grenn ki ap prepare rekòt espwa pou Trianon ak tout zòn nan.
Se nou k ap ede kenbe flanm lan limen. Se nou k ap pwouve jèn yo toujou kapab leve kanpe pou Kris la, menm nan mitan tanpèt.

Lahoué, Domond, Pernier — nou se limyè Jezi nan mòn yo.
E limyè sa a pap janm etenn.

6. Benediksyon pou nou tout ki gaye yo.

Mwen leve men mwen kòm Kire nou, kòm papa espirityèl nou,
e mwen voye benediksyon sa a pou nou chak an patikilye,
kote nou ye a:
**Ke Kris Wa ba nou kouraj.
Ke li pwoteje nou anba trajedi.
Ke li ban nou lapè, sante, entèlijans, ak bon direksyon.
Ke li kenbe nou ini tankou yon sèl fanmi.**

7. Anons espesyal pou Kiwo.

Lè sitiyasyon an pèmèt, n ap fè yon“Gran Rasanbleman Retou Kiwo Trianon”,
yon jounen selebrasyon, adorasyon, ak remèsiman,
pou n retounen jwenn youn lòt, ak lajwa, san pè.
Jiskaske jou sa a rive,
rete disipline, rete vivan nan lafwa, rete ini nan lespwa.

**Kiwo, m renmen nou.
Jèn Trianon, Lahoué, Domond, Pernier — m fyè de nou.
Kris la se Wa nou.
E nou se pitit li yo, jodi a, demen, e pou tout tan.**

Avèk tout afezyon pastoral mwen,
Pè Banive Peralte
Kire Pawas Sent Ann ak Sen Jwachen, Trianon

14/11/2025
14/11/2025

MESSAGE DU CURÉ DE LA PAROISSE DE TRIANON

Aux Kiwo et à tous les jeunes dispersés à cause de la violence.
Solennité du Christ Roi & Journée Mondiale de la Jeunesse 2025

Chers jeunes, chers membres du mouvement Kiwo de Trianon,
Chers fils et filles de notre paroisse, aujourd’hui dispersés dans tout le pays et au-delà à cause de la violence et des attaques qui ont frappé notre communauté,

En cette grande fête du Christ Roi de l’univers, unie à la célébration de la Journée Mondiale de la Jeunesse, je veux vous adresser un message de proximité, de tendresse pastorale et d’espérance.
Même si beaucoup d’entre vous sont loin de Trianon, nous restons une seule famille, une seule Église, un seul corps uni dans le Christ.

Les événements douloureux que nous avons traversés ont forcé plusieurs d’entre vous à quitter vos maisons, vos écoles, vos voisins et la vie que vous étiez en train de construire. Je porte chaque jour vos blessures, vos peurs et vos fatigues dans ma prière. Mais en cette fête, le Christ Roi nous rappelle une vérité fondamentale :

« La royauté du Christ n’est pas fondée sur la peur, mais sur un amour qui ne finit jamais. »

1. Le Christ Roi demeure votre Roi, même dans l’exil.

Il vous voit.
Il connaît votre nom.
Il sait où vous dormez, ce que vous vivez, et la nostalgie que vous portez pour Trianon.

Sa royauté ne faiblit jamais.
Être dispersés ne vous arrache pas de sa main.
Votre identité, votre dignité et votre mission demeurent intactes.

Vous êtes toujours des Kiwo. Vous êtes toujours les jeunes de Trianon. Vous êtes toujours la flamme d’espérance de notre Église.

2. Le mouvement Kiwo ne s’arrête pas parce que notre Église est fermée.

Kiwo n’est pas un bâtiment.
Kiwo n’est pas seulement une activité ou une randonnée.
Kiwo est un esprit, un courage, une discipline dans la foi.

Lorsque vous priez loin de chez vous,
lorsque vous aidez votre famille malgré les difficultés,
lorsque vous gardez le respect, la dignité et l’espérance,
vous vivez la mission même de Kiwo.

Et j’en suis fier.

3. À vous qui êtes découragés, en colère ou épuisés.

Si tu te sens abandonné,
si tu crois que Dieu t’a oublié,
si la violence semble écraser tes rêves…

Écoute ton curé aujourd’hui :

**Dieu ne t’a jamais oublié.

Tu n’as pas perdu ta valeur.
Tu n’as pas perdu ton avenir.
Tu n’as pas perdu ta place dans la paroisse.**

Nous rebâtirons ensemble.
Nous reviendrons célébrer.
Nous nous relèverons.

4. Le message de la Journée Mondiale de la Jeunesse pour nous cette année

Le Pape François ne cesse de dire aux jeunes :

« N’aie pas peur d’allumer une lumière au cœur de la nuit. »

Jeunes de Trianon, vous êtes cette lumière au milieu d’un pays blessé.
Vous êtes la génération qui peut contribuer à la renaissance d’Haïti.
La violence n’aura pas le dernier mot.
C’est le Christ Roi qui aura le dernier mot.

5. Message d’encouragement aux Kiwo et aux jeunes de Lahoué, Domond et Pernier.

Je veux adresser un salut particulier et un immense bravo aux Kiwo et aux jeunes des chapelles de Lahoué, Domond et Pernier, qui continuent de se rassembler, de prier, de célébrer et de soutenir la vie chrétienne malgré les menaces, les obstacles et les chemins difficiles.

Chers jeunes,
Chaque fois que vous vous réunissez — même en petit nombre, même avec peur, même en affrontant les dures réalités de la route —
vous témoignez que les ténèbres ne peuvent pas étouffer votre lumière.

Vous êtes les témoins vivants que le Christ Roi est présent,
qu’il marche avec vous,
qu’il donne force là où les hommes voient faiblesse,
et qu’il éclaire les chemins même là où tout semble perdu.

Je veux que vous sachiez ceci :

L’Église vous voit. La paroisse vous admire. Et moi, votre curé, je suis profondément fier de vous.

Vos sacrifices ne sont pas vains.
Vos efforts sont des semences d’espérance pour Trianon et pour toute la région.
Vous êtes la preuve que la jeunesse peut rester debout pour le Christ, même au cœur de la tempête.

Lahoué, Domond, Pernier — vous êtes la lumière du Christ dans les montagnes.
Et cette lumière ne s’éteindra jamais.

6. Bénédiction pour tous les jeunes dispersés.

Je lève les mains pour vous bénir,
comme votre curé, comme votre père spirituel,
et j’envoie cette bénédiction là où vous vous trouvez :

**Que le Christ Roi vous donne courage.

Qu’il vous protège de tout danger.
Qu’il vous accorde paix, santé, intelligence et discernement.
Qu’il nous garde unis comme une seule famille.**

7. Annonce pour le mouvement Kiwo.

Quand la situation le permettra, nous organiserons le « Grand Rassemblement du Retour Kiwo Trianon »,
une journée de fête, d’adoration et de reconnaissance,
pour enfin nous retrouver dans la joie et sans peur.

D’ici là,
restez disciplinés, restez vivants dans la foi, restez unis dans l’espérance.

**Kiwo, je vous aime.

Jeunes de Trianon, de Lahoué, de Domond et de Pernier — je suis fier de vous.
Le Christ est notre Roi,
et nous sommes ses enfants, aujourd’hui, demain, et pour toujours.**

Avec toute mon affection pastorale,
P. Banive Peralte
Curé de la paroisse Sainte Anne et Saint Joachim, Trianon

Adresse

Trianon, Route Nationale #3
Mirebalais
5210

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Paroisse Sainte Anne de Trianon, Diocèse de Hinche, Haïti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager