20/03/2021
Men Kisa ki lakoz pinèz, ki maladi li ka bay kijan pou detekte si chanm nan gen pinèz e men kijan poun elimine yo
kontrèman a saw panse pinèz pa gen anyen poul wè a règ lijyèn , li pa gen anyen poul wè a salòp
Yo jis atire pa sant, chalè, a "monoxyde de carbone(CO)" ke n ap degaje , yo pè limyè se sak fè yo kache kote ki sonb e ki pa vreman aksesib tankou anba matla, men lèl nan nwit yo gaye se sak fè yo viv sitou nan chanm kote moun nan ap domi an men yo ka gaye nan tout kay la selon kantite yo, tankou al sou rad, nan tapi, nan rido, nan pòt, nan fenèt etc... siw ta krazel li degaje yon odè ki fò, gen de chanm ou ka nik parèt ladann ou sispekte prezans pinèz a koz de odè an, pa neglije pataje post sa pou lòt moun jwenn konesans
anpil ayisyen pè pale de pinèz, yo pè mande kijan pou elimine yo paske li panse yo pral dil salòp e fonn konnen li vrèman vrèman difisil pou elimine yo se yon veritab konba, jodya nou pral konn tout bagay sou yo e kijan poun elimine yo byen fasil...
Pinèz se yon ensèk ki fè pati sou òd" heteroptera" sou òd sa gen gen 41 famille ki regroupe 30000 espès ki tout rekonèt kòm pinèz, genyen pami yo ki nouri de san, kòm "punaise de lit" se de li nou pral pale nan tèks sa, li ka fè jiska 15 minit ap s***e san epi al kache pi souvan nan kwen a anba matla kotel ka fè jiska 12 jou poul dijere san l sòt bwè an
"Punaise de lit "an se yon ensèk ki bwè san moun pandan lap dòmi, kontrèman a mayengren an ki ka fèw santi kel la, pinèz la ka ap s***e sanw lan ou pa janm konnen se lè gen limyè ou wè valè ki gen sou kabann nan, si yo anpil moun nan ka remakel paka dòmi
li gen yon fòm oval e aplati li mezire 4 a 7 mm de longè, li pa viv sou moun, yo pa sote, ni yo pa vole, yo deplase a vitès foumi dire vi yo se 5 a 6 mwa
Kòm li pa viv sou moun, li paka transmèt de yon moun a yon lòt, men li ka pase de yon milye a yon lòt milye nan echanj rad, matla, sofa etc... Lè moun ap demenaje de yon milye a yon lòt, nan vwayaj etc...
Piki pinèz map pale nou nan tèks sa pa transfere maladi menm jan a marengwen,tout fwa gen etid ki revele li ka transfere maladi ki rele maladie de chagas ki vrèman danjre e ki tiye plizyè dizèn milye moun nan amerik latin chak ane....
Lèl pikew yo konn alinye, gwoupe sou po moun nan , nou wè yo sou pati ki pi ekspoze a, sa ki pa kouvri an, piki l yo varye de yon moun a yon lòt, genyen li pa fè anyen gen lòt li bay problèm tankou:
Zòn nan gonfle wouj tankou se piki moustik
Konn gen demanjezon, ki pi fò lè maten e diminye pandan jounen an
Li ka bay lezyon grataj ki ka rive enfekte po a
Li ka fè moun nan gen problèm pou domi paske se detanzantan lap pikew
Li ka fè moun nan pè dòmi
Li ka fèl wont,gen moun ki pap di moun chanm ni gen pinèz
Li ka fèl pè proche moun
Nan kèk ka ra li ka mennen a yon anemi ferriprive (carence en fè) sa depann de kantite yo ye a e kantite san moun nan ap pèdi , tèlman yap s***e san moun
Li ka bay cellulite yon enfeksyon po ki bay doulè yon zòn anfle, wouj...
Li ka bay enfeksyon po tankou enpetigo ki parèt tankou se boule moun nan boule
Wap detekte prezans yo :
Lèw remake prezans yo lèw wè ekskreman yo tou nwa oubyen tras san sou dra, matla, rad nou etc...
Ou ka wè yo vivan ou mouri sou matla oubyen nenpot kote nan kay la
Ou ka remake ze yo tou piti ki blanch nan zòn sa yo tou
Siw remake lezyon sou pow pa grate yo pou evite pow enfekte
Avize proch ou
Siw remake pow enfekte al wè doktè
Pou konbat pinèz se senp swiv etap yo:
-ou pral nan mache wap diw vin achte poud pinèz ( yon poud blan)
-achte ti ponp flit ki souvan jo'n yo
-achte gaz blan
-lage gaz la a poud lan nan ponp lan,melanje yo soukel
-met matla nan solèy
-epi flite tout ti kwen matla ,tout kote ou wè yo ni bòks la
-kite matla a bòks la fè jounen nan solèy
- al nan chanm nan flite kwen kot kabann nan te ye an epi ouvè fenèt yo
sa pi efikas ke metòd anana
-sin ta remake vetman a dra yo pran tou mete yo deyò flite yo
like & Pataje tèks sa Ann met lòt moun nan limyè
idantifye yon moun li avèw
kerry NORBRUN
Aprèw fin like a pataje post la
pretem kèk minit nan tanw pouw ka gad video sa , eske nou pa remake dènye tan sa yo gon vann videyo yap plede post de asyatik yo kap manje koulèv etc...? eskew pat wè tou yon video kote yo di son soup chov souri ki bay coronavirus la? ak anpil pawòl anpil kap di...
jodya menvite nou vin demake vrè de fo bagay kap di sou coronavirus jis klike sou lien sa
https://youtu.be/Y9SB79xOf1s