Publication Lumière de la MEBSH

Publication Lumière de la MEBSH publication lumière de la MEBSH est une institution qu' élabore des ouvrages pour l'enseignement d'école du dimanche.
(1)

22/08/2026

*LESON DOMINIKAL 23 OUT 2026*

*Tit: Asistans ak lidè bèje ki atriste.*

*Lekti: 2 Korentyen, 7:5-16*

*Tèks dò : Mwen kontan nèt mwen ka toujou konte sou nou (2 Korent 7:16).*

*Entwodiksyon:*
Anpil fwa nou panse lidè, pastè yo pa gen pwoblèm.
Sa a se yon konsepsyon ki pa reyèl. Se moun menm jan ak nou yo ye. Yo konn ap travèse nan vi yo anpil pwoblèm, ki mande asistans lòt moun. Nan ministè Lapot Pòl, li te rankontre kèk pwoblèm. Nan *chapit 6* lan, li pale de sa I t ap soufwi. Nan *chapit 11* lan, li pale de kèk eprèv li t ap travèse. Nou kapab di ke lavi Pòl te karakterize pa *feblès,* *outraj,* *kalamite,* *pèsekisyon* ak *detrès* *(2 Korent 12:10).* Avèk vini Tit, Pòl te jwenn yon gwo soulajman.

Nan pasaj sa a, Pòl bay 7 prensip yon moun dwe adopte pou I ka retabli nan moman tristès anvayi kè li. Prensip sa yo endispansab pou retabli tout relasyon ki brize. Nap gwoupe yo nan twa pwen epi aprè fè kèk aplikasyon.

*I. Lwayote ak Repantans (v 7-10).*
Retou Tit te konsole Pòl anpil, sa te ba li fòs. Tit te *Iwayal* ak apot la. Prezans li bò kote Pòl te bal fòs nan mitan eprèv yo. *Tit tou lè li tal Korent, li pa t al pale Pòl mal,* men li te rakonte ak Kretyen Korent yo sa Pòl te santi, afeksyon Pòl pou yo, sa'te pwodwi gwo efè sou Korentyen yo. Lè li retounen vin wè Pòl, Tit te pataje ak Pòl kòman kretyen yo te *Iwayal* ak apot la epi kòman yo te *repanti.* Tit mansyone twa (3) bagay ki te montre Iwayote kretyen yo:

*1) Gwo dezi yo te genyen pou wè Apot la ankò.*

*2) Zèl yo te devlope pou defann Apot la.*

*3) Dlo ki t ap sot nan je yo, lè yo pran nouvèl Apot la.*

Te gen yon gwo chanjman nan lavi Kretyen Korent yo. Yo te tèlman aji byen anvè Pòl ak anvè Bondye, sa te bay Pòl anpil lajwa nan ministè li. Pòl t ap preche yo Levanjil ki pa t fè kè kretyen yo kontan, malgre sa yo te repanti, sa montre yon pastè ki vle fè travay li byen pa dwe ezite egzòte brebi li yo pou yo obeyi ak Pawòl Bondye.

Lè nou jwenn yon egzòtasyon pou redrese lavi nou, nou dwe di Bondye mèsi. Legliz Korent se yon demonstrasyon sou valè egzòtasyon yon Sèvitè Bondye genyen.

*II. Chanjman nan vi frè ak sè Korent yo (v. 11-12).*
Repantans frè ak sè Korent yo te bay kòm rezilta yon vi espiritèl ki fò. Korentyen yo montre ke yo repanti vrèman, sa te ankouraje Pòl nan ministè li. Lè Janbatis t ap mande moun ki t ap tande I yo pou yo pwodwi fwi repantans, se yon vi sentete li t ap pale *(Matye 3:8).* Nan vèsè 11 lan, nou jwenn 7 karakteristik yon lavi san tach genyen:
-repantans ou tristès,
-Jistifikasyon,
-endiyasyon,
-krent,
-adan dezi,
-zèl,
-pinisyon.

Repantans lan te pwodwi gwo chanjman nan vi fidèl Korent yo. Moun Korent anvan repantans yo, te chanèl anpil *(1 Korent 3:3).* Ak ansèyman yo te resevwa, vi espirityèl yo te chanje, yo pa t wè nan Pòl yon ènmi, men yon bon Sèvitè Bondye, yo te viv nan inite, obeyisans ak konfyans.

*III. Inite ak Obeyisans epi konfyans lakay Korentyen yo (v 14-16).*
Repantans, lavi pwòp, Iwayote Korentyen yo te konsole Pòl. Gras ak repantans yo, kè Tit te yon ti jan trankil. Korentyen yo te montre rekonesans yo pou Pòl. Se te vrèman rekonfòtan pou Pòl. Inite moun legliz Korent yo te vrèman bon pou legliz la. Mouvman sa a te pran chè nan tout asanble a.

*Konklizyon:*
Li bon anpil lè nou gen yon feblès nan lavi nou, lè yon pastè, yon frè, yon sè egzote nou, nou dwe di Bondye Mèsi. Nou pa dwe fache kont moun sa yo, nou dwe wè yo ak anpil konsiderasyon Lanmou Bondye pou nou. Aprè lèt di ke Pòl te ekri legliz Korent yo, anpil te fache, nou wè kòman yo te repanti, kòman repantans yo te bay bon rezilta.

+18493598495

*Devwa yo*

1) Site sèt 7 prensip yon moun dwe adopte pou I ka retabli nan moman tristès.

2) Retou kilès nan Korent ki te konsole Pòl?

3) Site 3 prèv ki montre Iwayote moun Korent yo pou Pòl?

4) Kisa yon pastè ki vle fè travay li byen pa dwe manke fè?

5) Kisa repantans lakay moun Korent yo te fè?

6) Site 7 karakteristik yon lavi san tach dwe genyen?

7) Kisa lakay moun Korent yo ki te konsole Pòl?

8) Kisa ki vrèman bon pou yo legliz?

09/08/2026

*LESON DOMINIKAL 9 OUT 2026*

*Tit: Bon santiman nan travay Bondye.*

*Lekti: 2 Korentyen 6:11;7:1-4.*

*Tèks dò:*
*Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la, se pa sosyete sa ki bon pou nou. Kijan pou n ta wè sa ki bon melanje ak sa ki pa bon. 2 Korentyen 6:14*

*Entwodiksyon:*
Pòl te manifeste yon santiman lanmou pou kretyen Korent yo *(11,12,13).* Li te ankouraje frè ak sè Korent yo pou yo te devlope menm santiman sa tou. Te gen anpil fo anseyan ki te vle montre Pòl pa t gen yon atachman pou Kretyen yo, Pòl pote yon demanti ak fo akizasyon sa yo, Pòl montre amou I pou legliz Korent pandan plizyè fwa, sa parèt aklè nan *2 Korent 2:4; 11:11.* Pòl defini lanmou Korentyen yo nan aksyon li anvè yo *(1 Korentyen 13:4-8)* .
Nan leson nou jodi a, nou pral etidye ansanm yon seri konsèy ke Pòl te bay frè ak sè Korent yo sou moun k ap preche oubyen k ap bay mesaj ki sòti nan Bondye. Li prezante yo sou fòm yon sèmon, *(Sa etidyan labib yo rele mesaj ekspozitwa).* Kalite sa yo se sa tout kretyen dwe kiltive.

*I. Ònètete ak afeksyon (v 11-12)*
Pòl adrese I yon fason sensè ak frè epi sè Korent yo. Li di yo:
*"Mwen anseye tout sa Bondye met nan bouch mwen pou m di nou" (Ak 20:20,27).* Jezi di se nan abondans kè bouch pale *(Matye 12:34)* . Lanmou lakay Pòl pouse | pou I bay twa ansèyman sou kesyon onètete ak afeksyon moun k ap preche a dwe genyen:

1) Li pale fran konsènan Pawòl Bondye a. Se sa ki fè nan debi liv la li te defann entegrite li *(2 Korent 1:13; 4:2).*

2) Nan yon lòt nivo li pale klèman sou peche.

3) Pòl prezante Levanjil ak moun Korent yo ak lanmou, verite.

Li eksplike yo reyalite peche epi Jistis Bondye *(2 Korent 12:18; 13:3)* . Li te menm rive ekri yo yon lèt sevè *(2 Kor. 7:8)* ki te mete kretyen yo nan lapenn pou yon ti tan. Men kè Pòl te ouvè nèt pou Kretyen Korent yo. Malgre sa Pòl te rankontre, Pòl pa t bouke renmen yo. Kòm Pòl, ann pa bouke renmen youn lòt. Ann louvri kè nou laj pou n renmen menm moun ki fè nou tò, ann viv byen youn ak lòt nan kominyon.

*II. Kominyon ak imilite (v 13; 7:2)*
Lanmou mache ak pataj, lanmou ki pa pataje se yon doulè. Lanmou mande yon repons. Lanmou fè Kris mouri pou nou, lanmou sa a mande pou n renmen Bondye, renmen moun ki bò kote nou, renmen pwochen nou. Pòl te demontre lanmou I pou Kretyen yo, li mande pou yo fè menm jan tou. Pòl mande pou yo detounen yo de fo ansèyman epi tounen nan vrè chemen an. Lanmou Pòl pou legliz Korent lan eksprime konsekrasyon ak dezi li genyen pou I wè kalite sa lakay yo tou. Sa bon anpil pou n viv nan kominyon pou n renmen youn lòt, lanmou mache ansanm ak imilite. *Se moun ki enb sèlman ki ka renmen moun san atann anyen an retou.* Moun ki ògeye plis renmen manipile, domine moun. *Nou wè, ni Pòl, ni moun ki te asosye avè I pa t tire pwofi sou kretyen yo nan sa ki gen rapò ak finans.* Li te prefere soufri pou yo *(2 Korent 4:11-12).* Se yon lanmou boure avèk imilite ki pa t ap chache enterè pèsonèl li, men enterè moun Korent yo *(1 Korent 13:5).*

Sa se yon bon egzanp pou nou jodi a. Ann imilye nou, ann renmen youn lòt, ak tout kè nou.

*III. Padon ak senserite (7:3a, b)*
Malgre konpòtman kwayan kretyen yo, Pòl pa t pwononse vye vèdik sou yo. Li pa t pèdi espwa nan yo, li pa t fache kont yo, li pa t koupe relasyon ak yo. Men li te denonse peche ak rebelyon yo, li mande pou yo repanti. Li te toujou rete Iwayal anvè yo. Sa montre ke Pòl pa t rankinye. *1 Korent 13:5 di nou ke lanmou kouvri yon miltitid peche.* Pòl te gen yon lanmou sensè pou kretyen yo. Èske w sensè nan jan ou renmen frè ak sè ou yo?

*IV. Konfyans, fyète ak lajwa (7:4)*
Malgre jan sa te ye nan legliz Korent, Pòl te gen konfyans nan yo. Rezon an senp li konnen Bondye ap acheve sa I te kòmanse nan yo *(Filipyen 1:6)* , Pòl ak Tit te gen anpil jwa nan kè yo akòz Korentyen yo *(2 Korent 7:13).*

*Konklizyon:*
Nan leson sa, nou wè kòman Pòl te renmen frè ak sè Korent yo, kòman li te pran pasyans ak yo. Sa dwe yon egzanp pou nou jodi a. Ann sipòte youn lot, ann pa jete frè ak sè nou ki fèb nan lafwa. Ann kenbe men yo, ann pale ak yo avèk sajès pou n ede yo leve.

+18493598495
Gwoup watsap

*Devwa yo*

1) Kòman Pòl te adrese I ak frè epi sè Korent yo?

2) Vrè ou Fo: Pòl te anseye nenpòt kisa ki te vin nan bouch li

3) Site 3 ansèyman sou onètete ke lanmou lakay Pòl te pouse I bay.

4) Kisa Pòl pa t fè malgre move konpòtman kretyen Korent yo?

5) Ki kalite lanmou Pôl te genyen pou Kretyen Korent yo?

6) Ak kisa lanmou mache? Bay 2 atitid.

7) Kisa moun ògeye renmen?

8) Koman leson an montre Pòl pa t gen rankin nan kè I pou moun Korent yo.

9) Kisa ki te fè Pòl te gen konfyans nan moun Korent yo?

10) 10. Kisa leson an anseye w pèsonèlman?

02/08/2026

*LESON DOMINIKAL 2 OUT 2026*

*Tit: Atitid nou dwe gade nan ministè nou.*

*Lekti: 2 Korent 6:1-10*

*Tèks dò:*
*Nou menm moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li, se yon kay Bondye ap bati. 1 Korent 3:9.*

*Entwodiksyon:*
Lane pase nou te etidye chapit 1 rive chapit 5 nan liv *Korentyen an.* Ane sa a, nou tounen nan liv la ankò pou n kontinye ak lòt chapit yo. Jodi a, nou pral wè atitid oubyen konpòtman nou dwe genyen lè n ap fè yon ministè nan chan Bondye a. Travay nan chan Bondye a se yon gras, yon benediksyon. Tout moun k ap travay dwe fè I ak *anpil sajès,* *anpil respè,* *anpil atansyon,* *anpil angajman.* Nan travay Kris la, gen bon moman ak move moman tou. Nou dwe, kòm travayè ak Bondye gen matirite pou n viv, pou n jere kèlkeswa sitiyasyon ki vi n sou wout nou. John MC-Arthur nan kòmantè li fè :

1) Privilėj v 1

*2) Egzòtasyon v 1-2*

*3) Proteksyon v 3-7*

*4) Paradoks v 2-8-10*

Kòmantè MC-Arthur teknik anpil. Nou pral rann li senp nan leson an pou gade kòman nou ka etidye yo.

*I. Yon Privilèj ak yon Egzòtasyon (v. 1,2).*
Anpil fwa, Sèvitè Bondye yo dekouraje nan travay la akòz difikilte yo rankontre, sitou ak moun ki pa konprann yo. Yo bliye ke yo ap fè sèvis Bondye. Yo pa anplwaye yon moun, men se ak Bondye yo an patenarya *(sa vle di se ak Bondye y ap travay).* A travè chak kretyen, Bondye pwoklame Levanjil ki rekonsilye moun avè I nan Kris la. Pòl te byen konprann verite sa malgre pwoblèm li te rankontre nan travay la. Li te kanpe djanm, li pa t moli.

*A. Sèvi Bondye se yon privilėj*
1 Korent 3:9 di: "Nou se travayè Bondye n ap travay nan jaden li", nan menm 1 Korentyen an, li pale de anpil kalite ministè, men li montre se yon sèl Bondye, yon sèl Lespri k ap opere, k ap distribiye don ak chak moun *(1 Korentyen 12:4,6,11).* *Travay ak Bondye se yon gras, se yon benediksyon n ap viv lè n ap fè yon travay nan Legliz Kris la.* Nou p ap travay ak yon moun, n ap travay ak Bondye. Konsa, nou dwe sispann fè travay la avèk neglijans, sispann kenbe lage. Nou dwe angaje n avèk konviksyon nan travay Mèt la. Li te tou egzote yo pou mande yo èske y ap viv nan lafwa?

*B. Egzotasyon pou konnen si y ap viv nan lafwa*
Pòl nan kad privilèj li genyen pou l te yon anbasadè pou Kris, pou egzote frè ak sè Korent yo pou yo pa resevwa gras la anven. Pou yo pa pèdi okazyon yo jwenn pou tande Levanjil la, te vrèman enterese pou I wè Korentyen yo resevwa Pawòl la. *Nan Ak 18:11.* nou etidye Pòl te fè tout sa I kapab pou I anpeche fo levanjil antre nan lavi Korentyen yo. Malgre sa, kòm sa ye nan tout legliz, legliz Korent gen moun ki te gen yon konesans entèlektyèl de Levanjil la ki pat gen lafwa pou sove a. Se poutèt sa, li pral mande yo pi lwen pou yo egzamine yo, pou wè si yo nan lafwa tout bon (2 Korentyen 13:5).

Jodi a, ou menm ki nan legliz n ap ankouraje w menm jan Pòl te fè pou frè Konrent yo, pou pa pran gras la konsa konsa, pou fè sa ou vle nan Levanjil la. Bondye vle pou w byen viv, pou konprann plan Sali a. Konsa, Bondye ap konble w ak gras epi pwoteksyon li.

*II. Yon Pwoteksyon ak yon Paradoks (v. 3-7)*

_*A. Pòl jwenn pwoteksyon Bondye malgre difikilte li konnen nan ministè a*_
Lavi ministeryèl Lapòt Pòl te demontre li te yon Pastè-Bèje. Tou 2 mo sa yo sanble nan sans yo. Yon Pastè se ankò yon Bèje. Men lè ou mete tou de mo yo ansanm, li ranfòse kapasite ministeryèl sa ki montre ke ouvriye a pa yon mèsenè. Li se yon moun ki pran responsabilite I, ki pran swen moun I ap mennen yo. Pastè-Bèje a pa kite anyen pou yo jwenn pou repwoche ak kritike nan travay li. Li pa bay okazyon pou fè lot moun tonbe nan peche. Okontrè, ak anpil pasyans, li sipote soufrans ak tribilasyon paske li konnen Bondye ap toujou pwoteje I. Se sa li te fè pou Lapòt Pòl. Pol te fè tout moun wè se moun k ap sèvi Bondye li ye (v. 6).

Men paradòks la vini nan sans, malgre tout sakrifis li fè pou sèvi Bondye ak sèvi moun nan ministè li, li sanse rekolte lòt bagay. Men se te sitou nan men detraktè ak nan men moun ki pa t vle wè li yo.

_*B. Paradoks Ki te parèt nan ministè lapot Pol (2,8,10)*_
Nou wè kòman Pòl t ap pwoteje frè ak sè yo ki te branlan, li pa t akize pèsòn moun, li pa t fè eskandal, li pa t vle kreye okenn eskandal. Pòl te itilize pasyans malgre sa I te rankontre sou wout li, li te kenbe fèm *(2 Korentyen 4:8-11).* Ministè Pòl te make ak sa nou rele yon paradòks, sa nou rele tou teori dè kontrè *(Théorie des contraires).* Pòl te rankontre sou chemen li *Onè ak dezonè, respè ak non respè, lanmou ak trayizon.*

*Konklizyon:*
Travay nan chan Bondye se pa yon bagay fasil. Li gen wo li gen ba. Gen konpreyansyon, gen enkonpreyansyon. Sa chak moun dwe konnen se yon gras yon benediksyon pou n ap travay nan legliz Kris la. Lè n rankontre ak pwoblèm yo, pote yo bay Kris la mèt travay la, epi pran jenou nou.

+18493598495
Josué JEAN PIERRE
(El negro ⚫️ de Dios)
*Devwa yo*

1) Kisa ki rekonsilye moun ak Bondye nan Kris la?

2) Kilès ki distribiye don yo bay kretyen yo pou travay la?

3) Lè n ap fè yon travay nan chan Seyè a, ak kilès n ap travay?

4) Kisa sa vle di resevwa gras Bondye anven?

5) Kisa konesans entèlektyèl Levanjil la ye?

6) Kisa yon Pastè-Bèje ye?

7) Èske yon Pastè-Bèje dwe bay okazyon pou fè lòt moun peche?

8) Ak kisa ministè Pòl te make?

9) Kisa yon paradoks ye?

10) Kisa Pòl te rankontre sou chemen li?

26/07/2026

*LESON DOMINIKAL POU DIMANCH 26 JIYÈ 2026.*

*TIT :* Pòl devan gouvènè ak wa yo.

*LEKTI :* Travay Apot yo 26:19-32

*TÈKS DÒ :*
Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo... M ap rekonèt yo pou moun pa m devan Papa mwen ak devan zanj li yo. *Revelasyon 3:5*
*ENTWODIKSYON*
Leson nou jodi a kouvri yon peryòd plis pase 2 ane. Se tan Pòl te fè nan prizon *Sezare ant 54-56 aprè Jezikri.* Gouvènè Feliks te fè Pòl parèt devan li plizyè fwa, paske li te espere jwenn lajan pou lage Pòl. Finalman, li kite I nan prizon pou lè Festis te ranplase I, tande koze a. Festis te konvoke yon reyinyon kote Jwif Jerizalèm yo te pote anpil akizasyon kont Pòl. Alò, pou li te kapab fè Jwif yo plezi, li te mande Pòl si li vle konparèt devan Gran Konsèy lavil Jerizalèm. Pòl te wè ke li p ap janm jwenn jistis nan Jerizalèm, li te sèvi ak dwa sitwayen women ke li te genyen pou I te mande pou wè Seza. Defans Pòl devan wa Agripa se yon temwayaj vivan de lafwa li epi yon egzòtasyon pou wa a te aksepte Kris.

*I. Pòl rann temwayaj pou Kris la devan wa Agripa.*

Odyans sa yo ke nou wè nan chapit sa a, se pa yon konparisyon, men pito, sa te gen bi pou distrè wa Agripa ak Berenis epi tou pou jwenn yon mwayen pou ekri manda Pòl pou voye l' Wòm.

*_A. Pòl akonpli misyon li._*
Nou kwè Pòl nan lè li te parèt devan Agripa te gen environ *60 ane.* Li te yon nonm ti tay ki te plen mak kout fwèt ak kout wòch nan figi li. Men li te kanpe san krent devan gran tribinal la pou pran defans li. *Na sonje nan premye leson ki nan seri a nan konvèsyon Pòl, Segnè a te di I ke li va yon zouti pou pote Levanjil la devan gouvènè ak wa yo epi devan tout pèp Izrayèl la.*
Pòl te gentan akonpli gran tach sa a avèk arestasyon li. Nan *vèsè 2-18* , Pòl te rakonte yo lòd Segnè a te ba li, epi li di : *"Mwen pa reziste lòd sa a."* Li te bay lavi li avèk yon abandon total pou pwoklame Pawòl Bondye. Menm nan prizon, li te kontinye ap rann temwayaj. Kè li t ap brile I pou Agripa ak Festis epi pou tout moun ki poko fè fas ak Levanjil la.

*_B. Pòl adrese I dirèkteman ak Agripa._*
Defans Pòl nan Tribinal la te sanble pa t gen sans pou Festis. Men Pòl pa t bese tèt li, li t'ap pwoklame gwo verite sou Jezikri. Li te poze Apripa kesyon ki konnen tout pawòl ke li t'ap di yo. Apripa te reponn Pòl : *"Eske ou vle m vin kretyen?"* Men Pòl te di li : *"Pa sèlman oumenm men tout lòt yo tou."* Aprè tout odyans sa, yo te rekonèt Pòl pa t koupab nan anyen.

Tout kretyen gen yon misyon espesyal : *yo se yon temwen pou Kris.* Poukisa nou si timid, si endiferan? Poukisa n ap tranble? Pou yon moun rann temwayaj, fòk li gen kouraj. Temwayaj sa a kapab sòti nan yon moun ki repanti epi ki jwenn padon pou peche, yon moun ki gen laviktwa sou tantasyon, yon moun ki gen lajwa nan sèvi Kris la, yon moun ki gen relasyon ak Bondye ki kapab rann temwayaj. Fòk nou gen kouraj pou nou venk timidite nou. Nou dwe rann vizit kay moun, pwofite tout okazyon pou nou pataje reyalite lafwa nou kòm kretyen.

*II. Vwayaj Pòl pou lavil Wòm.*
Vwayaj lavil Sezare pou lavil Wòm te yon gwo distans, *plis pase 2 mil kilomèt sou lanmè.* Nou pa konnen egzakt konbyen jou Pòl t ap pase sou lanmè a, *men sanble li te plis pase yon mwa nan bato avwal.* Pou kòmanse, yo te manke van, epi pi devan yon gwo tanpèt te frape yo, *pandan 14 jou, yo pa t wè ni solèy ni zetwal. 276 moun te pase 2 semèn san manje, san espwa pou lavi yo sou batiman an.* Men Bondye pat kite sèvitè li pèdi tout espwa li.Yon zanj Bondye te vin pale ak Pòl pandan lannwit, li te di I: *"Pa pè, Pòl fòk ou konparèt devan Seza, Bondye ba ou lavi tout moun ki sou batiman an."* Aprè bèl vizit sa a, Pòl te kapab ankouraje tout moun ki sou bato a, li te ba yo temwanyaj lafwa li nan Bondye.

*Aprè nofraj yo sou lil Malt,* Bondye te sèvi ak Pòl pou abitan Lil sa a te tande Levanjil la epi yo te wè Pòl fè plizyè mirak nan pouvwa Bondye.

*III. Dènye ane yo nan lavi Pòl*
Finalman Pòl te rive Wòm, yo te pèmèt li rete nan rezidans prive. Se la li te kòmanse preche Jwif ak payen yo Levanjil la. *Pòl te pase 2 lane kòm prizonye lib ap preche Levanjil la, ap ekri lèt epi afèmi legliz Kris la.* Sanble aprè 2 lane, Pòl te jwenn libète, li te rekòmanse vwayaj misyonè li yo. *Lè Newon vin inogire politik li pou kraze kretyen yo, Pòl sanble pa t nan Wòm, men nan youn nan pwovens yo.* Se posib, se Aleksann ki te denonse li epi yo te arete I, *retounen avè l' Wòm kote li jwenn lanmò li.*

Depi lè Pòl te konvèti, li te pase tout tan li nan preche Levanjil la epi mete baz solid pou anpil legliz. *Ki wòl nou jodi a? Kisa n ap fè ak Levanjil la?*

*KONKLIZYON :*
Leson jodi a te pale sou lafen lavi Lapot Pòl : Konparisyon
li nan Sezare devan Berenis ak Agripa, demand pou I al temwanye devan Seza nan Wòm. Men lè I rive Wòm, pèsòn pa t pot plent pou li pou I te jwenn okazyon konparèt devan Seza. Li te pase 2 lane nan yon kay li te Iwe, kote sòlda t ap veye li epi li tap kontinye anonse Levanjil la ak tout moun ki te vin wè li epi ekri lèt voye bay kèk moun, zanmi ak legliz li te fonde; jiskaske li ta pra I mouri. *Selon tradisyon yo, se Aleksann ki te denonse I bay Neron ki te fè touye li.*

Lavi, ministè ak temwanyaj Lapot Pòl dwe yon boustè pou nou pati al bay mesaj Levanjil la. *Li te yon bon ekzanp Evanjelis, predikatè, Bèje ak anseyan. An nou swiv ekzanp li.*

+18493598495
Gwoup watsap

*DEVWA YO :*

1. Site non 3 gouvènè Women Pòl te rann temwayaj pou Jezi.

2. Konbyen ane Pòl te pase nan prizon anvan li te ale Wòm?

3. Ki laj konsa Pòl te genyen, ki aparans eksteryè li?

4. Poukisa kè Pòl t ap brile l?

5. Ki kesyon Agripa te poze Pòl epi ki repons li te ba li?

6. Ki misyon espesyal chak kretyen?

7. Yon kretyen dwe gen kouraj pou li venk ?

8. Konbyen tan Pòl te sipoze pase sou lanmè pou rive Wòm, epi konbyen distans ant Sezare ak Wòm?

9. Konbyen tan moun yo te pase nan bato a san manje?

10. Kilès ki te bay yo konsolasyon ke yo pa t ap mouri?

11. Sou ki gouvènman Pòl te mouri? Kilès ki te denonse li?

12. Konbyen tan Pòl te pase kòm prizonye lib nan lavil Wòm?

13. Ki prensipal aktivite Apot Pòl te fè pandan tout lavi li kòm kretyen?

11/07/2026

*LESON DOMINIKAL 12 JIYÈ 2026*

*Tit: Pòl prizonye pou Kris*

*Lekti: Travay Apòt 21:27-40; 22:1-4, 17-29*

*Tèks dò: Tankou yon bon solda Jezikri, aksepte tout soufrans ki vin pou ou.*
*2 Timote 2:3*

*Entwodiksyon:*
Pòl te retounen Jerizalèm nan fen twazyèm vwayaj misyonè li. Sentespri a te deja fè I konnen ke anpil soufrans ak anprizonman ap tann li. *Bi vwayaj Pòl se te pote ofrann pou frè Jerizalèm yo ki te nan yon move kondisyon; epi Pòl te vle fèmen bouch kèk kretyen orijin Jwif ki toujou nan pwoblèm ak kretyen payen yo*. Akòz gran bi sa a, Pòl te prèt pou riske lavi li, li pa t ap konsidere sa tankou yon enpridans san reflechi, men li te bezwen fidèl anvè Mèt la. Dènye chapit Travay Apòt yo ap pale nou sou Pòl, yon anbasadè nan chenn.

*I. Yon foul moun te atake Pòl (21:27-36)*
Lè Pòl te retounen Jerizalèm ak konpayon li yo, yo te resevwa gwo akèy nan men frè Jerizalèm yo. Jak te bay Pòl konsèy pou ankonpaye *4 kwayan Jwif ki te fè yon ve.* Pòl te dakò ale ak frè sa yo nan tanp lan pou yo sakrifye bèt bay Bondye. Mezi sa a se te pou kalme lespri kèk moun sou ansèyman Pòl t ap bay pou payen ki konvèti yo pa bezwen swiv lalwa Moyiz la.

Pandan Pòl te nan tanp lan, kèk Jwif ki te fè konesans ak Pòl nan pwovens Lazi te wè li epi yo te kòmanse fè anpil bri. Moun sa yo te rayi Pòl epi yo t ap chache yon okazyon pou yo touye I. Yo t ap bay akizasyon ki pa t sa sou Pòl, yo te pretann ke li te rantre ak payen nan tanp lan. Sa te sifi pou lapide li epi touye I. Se konsa yo te eksite pèp la epi yo te mete men sou Pòl ap trennen I deyò epi fèmen pòt tanp lan dèyè li. Yo te bat li jouk pou yo te touye I. *"Lahèn pa janm sonje si gen lajistis."*

Te gen kèk sòlda women ki te stasyone nan gwo fò ki te pi wo pase tanp lan, yo te kouri lè yo te tande vil la soulve, yo te rive alè pou yo te sove Pòl. Yo t ap mennen Pòl nan fò a, men pèp la te dechennen pou pran Pòl. Sòlda yo te leve Pòl epi pote I anwo tèt yo, si se pa t sa, yo t ap manje Pòl sou prejije relijyon.

Lè yon moun gen prejije, sa fè ou bliye valè ak dwa yon moun genyen. Men kèk fwa tou, yo akize yon moun epi kondane I sou tripotay san fondman. Pi souvan, se sa moun lan te gen nan tèt li a k ap manifeste sou yon lòt san yon vrè rezon. *Nou kwè tout vrè kretyen dwe goumen kont tout fòm prejije: rasyal, ekonomik, ran sosyal etc.* Se sa k fè Pòl te soufri anpil akòz fanatiz ak prejije relijye.

*II. Pòl preche Levanjil la devan tout Jwif yo.*
Kòm lavi li te vin ansekirite, Pòl te mande lapawòl. Finalman se te yon okazyon pou Pòl te preche Levanjil la bay tout Jwif yo nan lavil Jerizalèm. Ofisye a te sezi lè l' te tande Pòl ap pale an Grèk, paske li te sispèk Pòl te yon revolisyonè ki soti nan peyi Lejip. Aprè Pòl te di komandan an kilès li ye, li te ba li pèmisyon pou pale. Diskou Pòl la te long men li te eksplike depi konvèsyon li jouk Bondye te rele li kòm apòt payen yo. *Lè Pòl site Mo "payen" an, pèp la pran rele pi fò ankò.*

Nan tout sa n ap fè pou Seyè a, nou va toujou jwenn pwoblèm. *Nou ka jwenn anpil pèsekisyon relijye oubyen politik pou fè nou dekouraje nan travay Kris la, pou fè nou doute pwisans Mèt nou an.* Gen de lè nou ka jwenn nou nan sitiyasyon nou pa menm ka manje, nou pa gen kay pou nou rete, nou kapab nan enposiblite pou mete pitit nou yo lekòl; nou kapab gen pwoblèm ak maladi oubyen ak pwòp konpayon ministė a. Tout bagay sa yo kapab sèvi pou dekouraje nou nan travay Mèt la. Èske nou dwe dekouraje epi doute pwisans Bondye? Nou bezwen mete nan tèt nou, pandan n ap fè devwa nou pou Kris, nou va soufri anpil. Se paske nou konnen Seyè a ban nou laviktwa deja, nou kapab kontinye ap fè devwa nou pou Mèt la.

*Ann reflechi:* Kèk fwa nou chante lafwa zansèt nou yo, ki te viv malgre kachò, nepe ak dife. Èske nou prè pou nou soufri pou pwopaje Levanjil la? Sa nou chante ak pale dwe yon jou pase nan aksyon lavi chak jou nou yo.

*III. Pòl pale ak kòmandan lame Women an (22:17-29)*
Nan fen temwayaj Pòl, lè pèp la te kòmanse rele si fò, kòmandan an te fè Pòl antre nan kazèn lan epi li te bay lòd pou yo bat li anvan y al kesyone I. Lè sòlda yo ap mare I pou yo bat li ak yon fwèt, Pòl di yo konsa: *"Èske nou gen dwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal?"* Pa t gen okenn dout ke yo pa t gen dwa fè sa; yo pa t menm gen dwa mare li toutotan pa t ko gen prèv ke li koupab. Menm lè Pòl mansyone ke I se yon sitwayen women, sòlda yo te kanpe epi y al bay kòmandan an enfòmasyon sa. Kòmandan an vin jwenn Pòl touswit epi li bay lòd pou yo demare I. Depi moman sa a, Pòl anba pwoteksyon solda women yo.

Lè nou konsidere evènman sa a, nou mande tèt nou poukisa Pòl te sèvi ak dwa li kòm sitwayen women isi a, men li pat fèl nan lavil Filip kote yo te bat li epi anfème I nan prizon. Tèks dò a di: *Tankou yon bon solda Jezikri, aksepte tout soufrans ki vin pou ou.* Eske Pòl te dezobeyi lòd sa nan moman sa a? Non, nou pa kwè tèks dò a vle di pou nou pa gen dwa mande jistis. Nou kwè Sentespri a t ap dirije Pòl pou aji diferan nan de (2) evènman sa yo. Sa vle di pou nou menm ki kretyen, nou gen dwa pwofite dwa nou yo ak bon koneksyon nou yo si Seyè a ban nou libète fè l'. Evènman sa montre nou tou ki kominyon pi pwòch nou bezwen genyen ak Seyè a tout tan pou nou kapab konnen kisa pou n fè oubyen sa nou pa fè nan chak sitiyasyon.

*Konklizyon:*
Leson jodi a te anseye nou sou kòmansman anprizonman lapot Pòl nan fen twazyèm vwayaj misyonè li. Aprè Pòl te fin boukle twazyèm vyayaj misyonè ak konpayon li yo, li te retounen Jerizalèm pou I al bay rapò, malgre pwofesi ki te bay ke li ta praI nan chèn. Jwif yo nan tanp lan t ap chache touye I. Se kèk sòlda ki te anpeche yo mete fen nan lavi li. Men sòlda yo tou te vle bat li. *Li te fè apèl ak dwa li kòm sitwayen women.*

Lavi Pòl te make ak anpil soufrans akoz predikasyon Levanjil la. Konbyen ouvriye jodi a ki dakò pou soufri pou koz Levanjil la? Pòl te konprann byen sa li anseye ak jèn Timote ki nan tèks dò a: *"Tankou yon bon sòlda Jezikri, aksepte tout soufrans ki vin pou ou". 2 Timote 2:3*
Èske ou konprann tout sa ki anseye nan vèsè sa ou menm k ap travay nan chan Seyè a?

+18493598495
Gwoup watsap

*Devwa yo*

1) Lè Pòl te soti nan twazyèm vwayaj misyonè li, ki kote li te ale epi poukisa?

2) Ki tit nou ta bay dènye chapit travay apòt yo?

3) Kisa ou panse sou konsèy pastè Jak?

4) Sa k te rive Pòl nan tanp lan? Poukisa yo arete l'?

5) Èske yon kretyen ta dwe yon fanatik relijyon jwèt, jouk pou rive touye oubyen maltrete lòt?

6) Kisa prejije a ka fè nan yon moun? Ki pozisyon chak kretyen kont prejije?

7) Nan ki lang Pòl te preche mesaj li nan Jerizalèm? Sa sa vle di pou nou?

8) Ki kalite pwoblèm nou ka jwenn lè n ap sèvi Kris pou fè nou dekouraje?

9) Fè yon kòmantè sou refleksyon an pou nou diskite I nan klas.

10) Kisa ki te fè Pòl jwenn pwoteksyon sòlda women yo?

11) Kòm yon kretyen otantik, èske nou dwe aksepte soufrans yo san poze kesyon?

04/07/2026

*LESON DOMINIKAL 5 JIYÈ 2026*

*Tit* : Temwayaj Pòl sou ministè li

*Lekti* : Travay Apòt 20: 13-38

*Tèks dò :* Favè Bondye a mande nou pou nou kite... tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye. Tit 2:12

*ENTWODIKSYON*

Leson nou jodi a ap santre sou kèk ensidan ki te mete fin nan twazyèm vwayaj misyonè lapòt Pòl la. N'ap pale sou rezime travay li Pòl te bay ansyen Efèz yo nan Milè sou wout li pou ale Jerizalèm.
Travay Pòl te fè Efèz rete yon gwo moso nan istwa legliz primitiv la.

Kisa ki gen priyorite pou nou nan sèvis kretyen an? Kisa ki manke anpil nan sèvis majirite kretyen ap rann nan lèv Bondye ? Ki temwayaj nou dwe bay nan sèvis n'ap fè nan kò Kris la ?

*I- PÒL TE BAY YON EGZANP PÈSONÈL (20 : 18-21 , 31-35)*

Pòl te fè reyini ansyen legliz Efèz yo pou fè yo sonje ki lavi li te mennen lè li te nan mitan yo. Depi menm jou li te rive, li t'ap sèvi Seyè a nan imilite. Dlo te toujou tap koule nan je l' pou nanm moun yo ki pat ko sove, lavi li te toujou menase akòz konplo jwif yo. Sa ki te pi rèd ankò, li te bezwen travay di pou pran swen tèt li. Pòl pat janm sonje pou leve tèt li, men li te senpleman di ke lavi chak kretyen ta dwe yon egzanp ak yon temwayaj, paske, yon jou nou va kanpe devan Leseyè Jezi, nou va bezwen rann kont pou tout sa nou te fè.

Nou dwe gen dezi pou pataje avèk lòt yo levanjil la. Si nou konnen lòt moun yo san Bondye ak san esperans, menase pou yo separe ak Bondye pou tout letènite, sa dwe kontrenn nou pou nou ensiste pou yo aksepte Kris. Jezi te vini nan lemonn pou chache epi sove sa yo ki te pèdi. Nou menm kòm disip Kris, nou dwe ale Kay an Kay, moun ak moun Pou nou jwenn sa yo ki pèdi. Si pwochen nou yo ap mouri nan peche san Kris, nou dwe wont pou rele Kris Seyè nou.

*II- PÒL PRECHE TOUT PLAN TRAVAY BONDYE A (20:20-21, 26-31)*

Dezyèm aspè nan ministè Pòl se temwayaj fidèl li t'ap rann de laverite levanjil la. Li pat kache okenn verite ki te pwofitab pou zanmi li yo san li pat pè realite jijman Bondye pou pechè yo. Bi mesaj la se te repantans anvè Bondye ak lafwa nan Jezikri ". Repantans ak lafwa enseparab, fòk yon moun regrèt peche li pou li kapab kite l', fòk ou gen lafwa nan Kris ki te mouri pou peche nou yo epi ki sèl kapab sove nou. Pòl pat janm manke fè travay li lajounen kou lannwit pou anonse bòn nouvèl la.

Ki mesaj nou konn bay zanmi nou yo ? Èske nou gentan aprann mesaj Levanjil la pou nou ka esplike chemen sali bay lòt yo ? Se pou nou pa janm bouke pou etidye pawòl Bondye a pou nou kapab konprann tout plan travay Bondye a pou nou ka eksplike l' bay lòt yo.

*III- PÒL EGZÒTE ANSYEN YO (20 : 28-32, 36-38)*

Pòl te rele ansyen legliz Efèz yo avèk yon kè pastè. Li te mande ansyen yo pou yo fidèl nan responsabilite yo kòm bèje twoupo yo. Sa vle di ke yo pa dwe pran responsabilite yo an jwèt, yo bezwen pran gad ak yo menm pou yo pa bay move egzanp. Yo dwe sonje tou se sentespri a ki te chwazi yo pou yo dirije legliz la.

*A. Wòl ansyen nan Legliz la*

Lè nou pale sou ansyen, se moun ki gen responsabilite nan Legliz Kris la. Wòl ansyen sa yo se nouri Legliz, bay tout kalite bon manje pou Legliz la kapab grandi nan tout sans, sa vle di yo dwe veye sou doktrin Legliz la. Pòl te avèti ansyen yo sou danje ki kapab parèt anfas yo nan Legliz la. Gen anpil chen mawon kap filtre nan legliz la avèk riz, k'ap chache divize twoupo a, Pòl te avèti ansyen yo ke yo pa dwe janm bouke nan ansèyman ak avètisman pou kenbe chak kretyen nan sèvis Kris la. Aprè sa, li te rekòmande yo bay Bondye nan lapriyè.

*B. Pòl pran tèt li kòm egzanp nan travay Seyè a*

Pòl te fini pou fè yo wè nan sèvis Kris la, li pat menm wè tèt li, se pa dèyè bagay materyèl li t'ap kouri paske li t'ap travay di ak men li yo pou okipe tèt li pou l' te yon bon egzanp pou Legliz Kris la. Men anpil dirijan jodi a, si legliz la pa gen byen materyèl, yo pa pral ladan l'. N'ap mande èske dirijan sa yo se levanjil y'ap preche ? Alò, li te fè dirijan sa yo sonje ke gen plis bonè pou moun ki bay pase moun ki resevwa. Sèvis Kris la toujou mande renonsman, byen materyèl vini aprè. Travay Bondye a mande pou nou goumen jouk sa kaba.

*KONKLISYON*

Leson jodi a tap anseye nou sou temwayaj lapot Pòl nan ministè li. Li te bay bon egzanp pèsonèl nan travay li t'ap fè pou Seyè a, pandan li tap preche tout plan travay Bondye a. Li pat neglije egzòte ansyen parèy li yo pou yo te ranpli byen ministè yo. Pou yo te yon bon egzanp pou twoupo a pandan l'ap nouri Legliz la ak bon manje ki soti nan pawòl Bondye pou li kapab grandi nan tout sans. Yo pa dwe motive pou fè lajan, pou y'ap kouri dèyè byen materyèl, men yo dwe sèvi Bondye ak dezenteresman, paske Bondye ki rele yo a ap pran swen yo.

Chak kretyen kapab sèvi Kris pandan l'ap fè travay li avèk konsyans nan non Kris la. Poutan l'ap toujou sezi okazyon pou rann temwayaj pou Seyè a. Men anpil fason ou ka rann temwayaj, ankourajman ede yon mou abandone yon vye abitid, bay moun ki gragou manje, vizite yon moun ki izole, akeyi etranje yo epi fè tout bagay nan bi pou onore Kris la.

*DEVWA YO*

1- Ki rekòmandasyon Apòt Pòl te fè Ansyen yo ?

2- Kilès kite chwazi dirijan yo pou dirije legliz la ?

3- Ki wòl yon dirijan nan Legliz la ?

4- Ki gwo danje Pòl te avèti ansyen yo ki va rantre nan legliz la ?

5- Konplete : Pòl te avèti ansyen yo pou yo pa janm bouke nan................ak.............pou kenbe chak kretyen nan..............

6- Kòman Pòl t'ap mennen lavi li nan Efèz ? Poukisa ?

7- Èske yon legliz ki pa gen byen materyèl bezwen yon ouvriye pou travay avèk kretyen yo ?

8- Bay yon rezime lavi Lapòt Pòl nan Efèz.

9- An reyalite, chak kretyen ta dwe yon ..............................B.paske nou dwe rann tout bay Seyè Seyè a.

10- Ki sistèm evajelisasyon legliz yo dwe mete an pratik ?

11- Ki bi mesaj Lapòt Pòl yo ?

12- Ki sijè mesaj Pòl tap preche ?

*Source : Publication* *Lumière*
*"" _ReyonLimyè2026_ ""*
*Directeur : Jean Gardy* *AUGUSTE*

_*REPRODUIRE PAR :*_

*Joseph Sophony* *POPULAIRE*
*Pasteur Église Baptiste* *Fligneau / Aquin*
*Télé.:(+509)46856368 /* *33547608*
*E-mail :* *[email protected]*

Adresse

Cité Lumière
Les Cayes

Téléphone

509 37476379

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Publication Lumière de la MEBSH publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Lieu De Culte

Envoyer un message à Publication Lumière de la MEBSH:

Raccourcis

Partager