10/07/2026
📩Mesaj sa pa poum kritike@Pasteur Le
Lwa K**a pa konn Bishop
Depi lontan mwen toujou di sa, e tout moun ki pwòch mwen konnen pozisyon mwen. Menm lè sa te konn pote kritik sou mwen, sa pa fè m pè ankò. Mwen vin konprann lavi a mache sou prensip: tout aksyon gen konsekans. Se poutèt sa, anvan nou pale oswa aji, nou dwe reflechi byen, paske sa nou simen se sa n ap rekòlte.
Bib la di nan Galat 6:7: "Pa twonpe tèt nou; yo pa pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte." Menm jan an tou, Pwovèb 18:21 fè nou konnen: "Lanmò ak lavi nan pouvwa lang lan; moun ki renmen sèvi avè l ap manje fwi li."
Sa fè m sonje dosye sè Roselande. Lè sa a, anpil pastè te pran mikwo pou kondane l piblikman. Mwen menm, mwen te gade yon videyo kote yon pastè t ap imilye jèn fi nan legliz li paske yo te renmen ak moun li te rele "payen", san menm pran tan pou esplike sans mo a oswa ede yo avèk lanmou ak sajès. Olye restorasyon, se kondanasyon ak imilyasyon ki te pran plas.
Jodi a, lavi sanble mete menm moun sa a devan yon gwo eprèv. Olye li fè yon egzamen konsyans, li chwazi akize Satan pou tout sa k ap rive l. Men pafwa, se pa tout bagay ki soti nan Satan; gen konsekans ki soti nan pwòp desizyon nou ak prensip Bondye mete nan lavi a.
Bib la di nan Matye 7:1-2: "Pa jije pou yo pa jije nou. Paske menm jijman nou sèvi pou jije lòt moun nan, se avè l y ap jije nou tou." Epi Jak 2:13 ajoute: "Jijman san mizèrikòd ap tonbe sou moun ki pa montre mizèrikòd."
Sa pa fè m kontan wè okenn moun tonbe. Men sa raple m yon verite: otorite pa bay pèmisyon pou imilye lòt moun. Bondye rele nou pou n korije ak lanmou, ak imilite, pandan n ap sonje ke nou tout kapab tonbe si Bondye pa soutni nou.
Mwen la, m ap obsève sa k ap pase yo, pa pou m rejwi sou malè pèsonn, men pou m sonje ke prensip Bondye yo pa chanje. Se poutèt sa, ann veye pawòl nou, ann veye aksyon nou, paske tout sa nou simen jodi a ap gen yon rekòt demen.
Lèw pran nesans kay wa ou vin viv menm jan wa a ap viv
Une mentalité Royale !
Pasteur Dieudonné Alexandre , Counselor
Visionnaire Mentalité Royale Ministrys
Eliasaint Schiller Mediaced Aristil Abner MEDYA PAM56 Eglise de Dieu du Ministère de la Délivrance de Delmas-EDMDD