28/06/2026
Men peyi
Ki vinn ede yon
Lot
Peyi
… c koperasyon sa a
Yo ki bon.
Nan kad Pwojè 2026 pou amelyore pwodiksyon diri ann Ayiti, ki reyalize avèk sipò Misyon Teknik Taywann (Repiblik Lachin/Taywann), premye kanpay pwodiksyon grenn diri ak diri nan depatman Sid la antre nan faz rekòt depi mwa jen. Pou make etap sa a, pwojè a chwazi Asosyasyon Plantè ak Elvè Warf-Massé (ASPEWM) nan Okay pou òganize yon jounen demonstrasyon, apre bon rezilta li jwenn nan pwodiksyon an.
Aktivite a te rasanble 65 reprezantan ki soti nan 14 asosyasyon agrikòl, ki te vizite chan demonstrasyon yo epi pataje eksperyans sou preparasyon tè, irigasyon, kontwòl move zèb ak bon teknik kiltivasyon. Misyon Teknik Taywann lan fè konnen objektif li se ede plantè yo aprann youn nan men lòt pou ogmante pwodiksyon diri ann Ayiti.