Centre de developpement d'enfants de Marassa Duval

Centre de developpement d'enfants de Marassa Duval Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Centre de developpement d'enfants de Marassa Duval, Organisation religieuse, #12, Imp. la Paix, Duval 22, Marassa, Croix des Bouquets.

28/07/2025

Prière midi au CDEJ 876

Aktivite fèt fen ane ak Gradyasyon CDEJ 876
14/07/2025

Aktivite fèt fen ane ak Gradyasyon
CDEJ 876

14/07/2025

Si w vle sòti nan twou a, Ou dwe sispann fouye li !

27/05/2025

CDEJ HA0876, angaje li tout bon nan sa ki gen pou wè ak devlopman sou tout domèn , sitou : Espirityèl , Fizik , sosyoemosyonèl ak koyitif.

Se pou rezon sa , pandan mwa me a ,CDEJ la òganize anpil aktivite, nan lide pou fasilite patisipan yo devlope , men tou pou fè fas ak gwo kriz sa ki se estrès k ap anvayi ́moun nan moman.

Lis kèk aktivite Bondye fè CDEJ la òganize nan mwa me a, malgre moman yo . Konkou debaFwa gastronomik.Selebrasyon fèt drapoKonkou Miss Fòmasyon sou kò imen (3- 5 ans)Fòmasyon sou edikasyon finansyèFòmasyon sou jesyon estrès Pwojeksyon FilmMatch PS4Match Fout bòlAtelye lèkti ak ekritiRedaksyon lètKou pwofesyonèl sitou. Ak anpil lòt ankò.

24/01/2025

👉Jou ki te samdi 22 desanm 2024 la, CDEJ HA0876 te òganize yon si bèl even-man, nan lide pou te klotire avèk ane 2024 la.

👉Nou vle dabò di Bondye yon gran mèsi, paske nou reyalize prezans li te la. Tout bagay te byen e fini byen. Nou bay Bondye glwa pou sa🙌🙌

👉Nan non manm direksyon CDEJ la, n ap remèsye tout moun ki te mete men pou reyisit bèl aktivite sila tankou: Estaf, Ankadrè, komite pwojè, paran, sipòtè , manm dekorasyon, kwizinyè, pastè, ti pèsonèl, patisipan ...

👉Jou sila te gen anpil bèl mèvèy tankou:Bèl chan Bèl dansBèl teyat Resitasyon vèsè Koral ki te chante Sa ki te vrèman atiran nan jou sa , te genyen yon si bèl seremoni gradyasyon ki te fèt nan plizyè disiplin tankou : CosmétologieMaquillage Sérigraphie Dépannage téléphone Les accomplis du CDEJ

👉Pwojè a mete lòt kou tou nan lide pou kontinye ede patispan yo devlope olistikman ( Espirityèl, fizik, sosyoemosyonèl, koyitif) tankou: Couture Installation cameras de surveillance .

09/07/2024

Jou ki te samdi 22 jen 2024 la, pwojè CEDEJM, te òganize yon gran eve-nman nan lide pou te klotire avèk ane fiskal 2023-2024 la.

Se rezon sa ki fè nou vle retire chapo nou, mete byen ba devan gran otorite sila , ki se Bondye ki gen tout pouvwa. Diran dewoulman aktivite sa, nou santi prezans li te la. E tout bagay te pase byen , e fini byen.Se pou non li beni .Ou merite lwanj Senyè Bondye 🙌🙌🙌🙌🙌🙌🙌

Nan non estaf la, nou mande Bondye pou l beni tout moun ki te kolabore, pou nou te gen yon bèl avanti konsa( Estaf, ankadrè, komite pwojè, paran , sipòtè, dekoratè, kwizinyè, Pastè, ti pèsonèl, gadyen, patisipan..pou nou site sa yo sèlman.)

Pandan dewoulman aktivite sila, Te gen anpil bèl mèvèy tankou :
1. Dans
2. Chan
3. Entèpretasyon
4.Rezime sou Lè di zòm nwa
5.Sketch
6. Blag
7. Koral ki te chante
8.Gwoup ki te chante
9. Teyat
10.Istwa Biblik
11.Resitasyon vèsè
12. Yon bèl gradyasyon ki te fèt nan kouti.
13.Tout moun te manje vant deboutonnen.

Send a message to learn more

02/05/2024

Le premier mai est un jour de commémoration à l’egard de ces valeureux qui ont versé leur sang pour la dignité du travail.

Cette journée rend hommage aux travailleurs pour leur rôle dans la vie socio-économique du monde. Elle a été retenue par la constitution de 1816,dans son article 34.

C’est une tradition de célébrer la fête du travail et de l’agriculture par des foires de gastronomie et de production.

Pour montrer la Valeur de nos culture et produit ,le mercredi 01 mai 2024, le CDEJ HA0876 décidait d’organiser une grande première édition de foire gastronomique et artisanale pour l’année 2023-2024 , ayant pour slogan :Valorisons les valeurs et cultures locales.

Cette activité avait une considération cruciale non seulement dans la vie des participants ,mais également des gens vivant dans la communauté. Suivant leur declaration: Pou jan peyi a bay estrès la, nou te bezwen yon aktivite konsa”.
L’activité était un soulagement contre la pression et les stress qu’exposent le pays.

24/04/2024

Le projet CEDEJMAD HA0876 présente à tous (toutes) ses amis(amies) ,abonnés (abonnées)... sa 9ème Edition du concours d'éloquence et de plaidoirie.

Il organise annuellement cette merveille , qui d'abord promeut l'amour pour la lecture auprès des participants 📚📚 , ensuite leur permet d'être habile à parler en public🎤🎤, enfin diminue le niveau et la pression du stress. 😴

10/03/2024

Pwoteksyon timoun se yonn nan gwo eleman pwojè CEDEJMAD HA0876 ap pwone.Se nan lide sa, nou vle ankouraje tout paran , tout moun ki gen timoun sou responsabilite yo . Evite fè vyolans sou yo. Se vre yo ka fè nou fache, men pa kite emosyon fè nou bliye si nou dwe pwoteje yo. Ann pwoteje timoun yo!👫👫👫

06/03/2024

Ayiti , Pòtoprens ap viv yon sitiyasyon sosyopolitik ki trè atwòs. Nou vle ankouraje tout Elèv ak Etidyan , se moman pou nou plis atache ak etid nou. Se vre li pa fasil , men ak detèminasyon nou ka rive.
Edikasyon se meyè zam ki ka chanje peyi a.

Adresse

#12, Imp. La Paix, Duval 22, Marassa
Croix Des Bouquets
HT6311

Téléphone

+50948945240

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Centre de developpement d'enfants de Marassa Duval publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager