25/03/2021
Nòt pou mond evanjelik la.
Ligue des Eglises Evangélique de Canaan (LEEC) ap salye mond evanjelik la nan non sovè ak senyè Jezi Kri.
Li ta renmen chak moun ki li mesaj sa a pran yon ti tan reflechi sou kèk bagay ke legliz la ta kapab fè pou anpeche Ayiti fin peri nèt nan kondisyon l ye jounen jodi a.
Kisa Legliz la kapab fè pou anpeche ti bout souf Ayiti rete a pa fin koupe nèt ?
Se vre wòl legliz se pa fè etabli lòd ak lapè nan site a, men « lè tout bagay tèt anba kisa yon bon moun ka fè » (sòm 11.3). LEEC ap fe konstate ke depi anpil deseni ke gen anpil gwo fènwa ki kouvri peyi a, li tèlman pwès ou pa ka wè kote pou mete pye w ditou. Pafwa fènwa sa a bare chemen nou, li fè l nan nò, nan sid, nan lès ak nan lwès. Bib la di nou « nou se limyè » (Mat.5.14-16) ki wòl yon limyè ? Nenpòt ti moun ka wè jounen jodi a fòs k ap triyonfe nan peyi a se pa limyè a . Anpil moun ap di Legliz responsab an pati sa n ap viv jodi a paske ta sanble nou manke met aksan sou wol Met la vle ke nou jwe antan limye.
LEEC rekonèt anpil efò ke nou fè deja e n ap fè, men ta sanble nou bezwen plis toujou ou byen nou ta dwe evalye sa nou fè deja yo e pote kèk koreksyon nan sa k pa mache yo.
Sa fè lontan n ap travay pou kont nou. « mwen se tèl misyon m pa konn afè lòt yo, m ap travay pou m rive, depi m anlè m fini. » Bib la di nou se manb kò Kris la, nou fòme yon sèl kò (nou pa remake gen anpil divizyon nan mitan nou ?) Eske se pa divizyon sa yo ki fè nou pa ka enpakte sosyete a ? Si nou te mete tèt nou ansanm, menm lè nou gen gwo distans ki separe nou, nou panse fènwa a pa t ap kouvri peyi konsa . Konbyen pòt legliz ak misyon ki fèmen jounen jodi a ? sa yo pa di anyen. (ede m konprann kisa ki pase ant limyè ak fòs fènwa a ?) M santi gen gwo nesesite pou nou ta met yon fen ak tout sa ki divize nou yo nan sektè a. Mete yon fen ak ògey, jalouzi, ipokrizi ak diskriminasyon. Mete fen ak tout sa ki anpeche nou ini nou jan li di nan (Wom 12.3-16). kisa legliz la ka fè pou anpeche ti souf Ayiti fin koupe nèt ?
Se avèk tristès n ap gade sa k ap pase nan peyi nou, zak briganday tribòbabò, kriminalite, kidnaping, vòl, vyòl, mechanste ak enjistis.
-Legliz la bezwen soti nan somèy espirityèl ke li ye a. sa k ap pase nan sosyete a dwe entèrese nou paske se nan sosyete a nou ye. Byennèt nou depann de byennèt sosyete a, menm jan li di nan (Jer 29).
-Kisa sa di nou lè nou wè anpil jèn gason ak jèn fi nou yo (tatouwe, de bò tèt yo kale, krèt trese, zanno nan zòrey yo, pantalon sou dèyè). Li ka rive ke pitit pa nou pa nan peyi a, men nou gen ti fanmi, pitit sè, pitit frè nou yo. Anpil ladan yo pa ka deplase, ki avni yo nan sosyete a? Se jèn sa yo ke n sot site a k ap zanmi yo swa pa pè ak presyon, swa pa volonte. Kisa legliz la ka fè pou sa yo change ?
Apèl a linite nan mitan nou. Se pa nou ki pou kategorize. Mèt la di : « Si yo pa kont nou se pou nou yo ye. » li di anko : « an nou kite zèb yo grandi ansanm a ble yo, se li k ap fè tri a. »
Gen anpil bagay nou ka fè, an nou mete tèt ansanm pou n sove peyi nou anba fòs fènwa sa a.
An nou ini yon fwa pou tout, pou n bare la wout ak fòs fènwa ki anvayi nou an, nan òganize aktivite espirityèl a lechèl nasyonal ki ap komanse nan seksyon kominal, pase nan komin rive nan depatman. Yè li pat posib, kounye ak teknoloji li posib. Se volonte ki pou genyen.
Viv linite kretyen pou jamè. Ke Bondye bay fòs ak vizyon pou sa!