18/05/2026
Nan okazyon selebrasyon 🇭🇹 Haitian Flag Day 18 Me 2026 la🇭🇹 , mwen voye yon gwo mesaj lanmou🫶 , fyète ak espwa bay tout pèp ayisyen an, espesyalman pitit vanyan Arcahaie kote drapo nou an te pran nesans.
Malgre moman difisil yo, pèp la kontinye kanpe ak fòs💪 , kouraj ak detèminasyon pou pwoteje eritaj zansèt yo kite pou nou an. Pandan n ap make 223èm anivèsè drapo a, se yon okazyon pou chak ayisyen sonje sakrifis Desalin, Petyon ak tout ewo endepandans yo ki te goumen pou diyite ak libète peyi a.
Mwen swete tout ayisyen, kit nou Ayiti oubyen nan dyaspora, yon bèl fèt drapo🇭🇹 plen inite, lanmou ak solidarite. Respè ak fòs pou pèp Akaye a ansanm ak tout pèp ayisyen an; paske drapo sa a se senbòl kouraj, rezistans ak avni nasyon an.
JD HAÏTI MEDIA
BBC News
Reuters
Fox News Politics
Voice of America
Le Nouvelliste Haiti
Juno7
Carel Pedre
🇭🇹