03/08/2026
POUKISA MARYAJ AYISYEN YO PA TA DWE SELEBRE AN KREYÒL AYISYEN LÈ Y AP FÈ ECHANJ ANGAJMAN YO?
Kreyòl ayisyen se lang manman nou, epi li se youn nan de lang ofisyèl Ayiti ansanm ak franse. Men, nan anpil seremoni maryaj, echanj ve maryaj ak angajman yo fèt prèske sèlman an franse.
Poukisa sa toujou konsa? Èske se lalwa ki egzije sa, èske se yon tradisyon, oswa se yon abitid nou eritye depi lontan?
Èske li pa t ap pi bon pou lamarye ak lemarye fè angajman yo nan lang yo konprann pi byen, pou yo menm, fanmi yo ak envite yo ka byen konprann tout sa y ap pwomèt?
E ou menm, kisa ou panse? Èske maryaj yo ta dwe kapab selebre an kreyòl ayisyen, sitou nan moman echanj ve ak angajman yo? Kite opinyon ou nan kòmantè yo.