03/06/2024
💡 Iiminasyon pou Ayiti 🇭🇹✨
Sèvitè Vodou, Houngan, Manbo, Hounsi, ak tout moun ki konsène,
Devan difikiltr Ayiti ye la a, Ayiti kraze anba vyolans bandi, pwoblèm politik, ak ensekirite jeneralize, se pou nou mete tèt ansanmb pou yon apèl kolektif ak aksyon. Lespri zansèt nou yo pou ede nou goumen pou nou pote limyè nan fènwa total saa ki vlope Ayiti nou renmen an.
Inifye avèk nou nan lespri linyon pou nou pataje limyè pou Ayiti. Men kijan ou ka patisipe:
1. 🕯️ Vigil chandèl: Limen yon bouji nan moman Solèy la ap kouchè nan lonè Ayiti, vizyalize yon limyè pwoteksyon sou peyi a. Pataje moman liminasyon la w la ak hashtag
2. 🙏 Kominikasyon ak lespri yo ak rituel: Dirije pratik espriyèl nou pou lapè, estabilite, ak pwoteksyon pou Ayiti. Kelkilanswa kote ak jan ou vle fèl ke se ak imaj, ak rityèl, lakay ou oswa nan Hounfòw, oubyen nan meditasyon, kite enèji pwoteksyon lanmou, liberasyon ak lapè nou yo konveje nan tankou yon vag sou ayisyenak Ayiti
3. 🤝 Pote kole kominotè
Rankontre avèk kominote vodou lokal ou. Pataje ide, òganize diskisyon, ak fomante ansanm yo chèn vodou pou ranfòse enèji kolektif nou yo pou sipòte Ayiti nan tan difisil sa .
4. 🌐 Vigil digital: Pou moun ki pa kapab fizikman kontre ak lòt vodouyizan, jwenn nou nan vijil digita. Pataje panse w, afimasyon oswa imaj simbolik nan limyè ak hashtag la. Ann kreye yon santyè vityèl pou Ayiti.
5. 💖 Sipò oswa asistans imanitè: Sipòte òganizasyon lokal ak entènasyonal ki bay èd pou moun ki afekte nan kriz la. Chak kontribisyon konte nan rebati lespwa ak sekirite.
Ansanm, nou se yon fòs, yon pouvwa pou chanjman. Pou tout, enèji nou yo, Lwa Bitasyon , Gad yo, Zansèt yo rele yo tout nan Dlo nan Tè nan Bwa nan Van. Ke nou menm nou tounen DIFE! LIMYÈ CHANJMAN pou yon nouvo Ayiti. An nou sanble an nou rasanble an nou ini an nou reyini an nou mete fòs nou ansanmb pou Ayiti.
Sèvi ak hashtag
pou konekte avèk lot vodouyizan atravè mond lan. Pou kolektif nou an deplase tout kote, pou nou jwenn bon jan limyè pou laswenyaj ak prosperite pou Ayiti.
Mwen swete lespri yo gide nou, e swete Ayiti jwenn lapè.
Tanpri DM si ou vle patisipe nan 21 jou kap vini an nan ILLUMINATION.
Send a message to learn more