Koze La Bib

Koze La Bib Pregar o evangelho a toda criatura

03/12/2025

Pran kouraj paske ou pa pou kont ou , Jezi avek ou , sèlman kwè nan li.

28/09/2024

La foi est...

29/05/2024

"Frè m' yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n' toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Seyè a p'ap janm pèdi."

03/05/2024

Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou.

Jer 29 :13

13/04/2024

Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'.

Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'?

Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo.

Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun.

Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf.

Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou.

Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'.

Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.

Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.

Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen.

Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'.

Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi.

Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'.

01/04/2024

Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.

27/03/2024

Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou.

20/03/2024

Seyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis.

19/03/2024

" Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa ".

18/03/2024

" Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen ".

11/02/2024

Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.
Ma 16:18

01/02/2024

Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.

Endereço

B
Maringá, PR

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Koze La Bib posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Entre Em Contato Com O Local De Adoração

Envie uma mensagem para Koze La Bib:

Compartilhar